Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

62 of 477 cards

Clear filters
Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di nan maten Al-Aqabah la, pandan li te sou chamo fenmèl li a: «Ranmase kèk ti wòch pou mwen.» Mwen te ranmase 7 ti wòch pou li, ki te menm gwosè ak ti wòch yo konn voye yo, epi li te kòmanse souke yo nan pla men li pandan lap di: «Se avèk ti wòch parèy ak sa yo pou nou voye.» Aprèsa, li te di: «O moun yo, pran prekosyon nou ak ekzajerasyon nan relijyon an, paske vrèmanvre, sa ki te detwi moun ki te anvan nou yo se ekzajerasyon nan relijyon an.»
Sahih Rapòte pa Ibn Majah, Al-Nasa'i ak Ahmad
«Yon moun swiv relijyon zanmi pwòch li, kidonk se pou chak moun pami nou gade byen ki moun lap pran kòm zanmi.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.
"«Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a» Yo te mande: E kisa ki Chirk ki pi piti a, o Mesaje Allah? Li di: «Riya, Allah Toupwisan an ap di yo nan Jou Rezirèksyon an lè moun yo ap jwenn rekonpans pou aksyon yo: Ale jwenn moun nou te konn ap fè wè pou yo nan lavi mond sa a, epi gade pou nou wè èske nap jwenn okenn rekonpans bò kote yo?»."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
Plim nan leve (yo pa konte peche ni responsablite) pou 3 kalite moun : pou moun kap dòmi jiskaske li reveye, pou timoun nan jiskaske li vin granmoun (rive nan laj pibète), epi pou moun ki pèdi tèt li (fou) jiskaske li reprann bon sans li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
Yap di moun ki te fè Koran an konpayon li: "Resite epi monte nan degre (Paradi a); resite avèk swen jan ou te konn fèl nan mond sa a, paske plas ou (ran ou) se kote dènye vèsè wap resite a fini."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.
"«Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap ban nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo: yo soti nan maten ak vant vid epi yo tounen nan aswè ak vant plen.»"
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Gen lakrentif pou Allah, Seyè nou an, akonpli 5 priyè nou yo, fè jèn nan mwa nou an, peye zakat sou byen nou yo, epi obeyi moun ki gen otorite sou nou yo; konsa nap antre nan Paradi Seyè nou an.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li