Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

36 of 477 cards

Clear filters
Mwen te yon gason ki te konn gen anpil ekoulman (Mazi), epi mwen te wont poze Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon akòz plas pitit fi li a (kòm madanm mwen). Se konsa, mwen te òdone Al-Miqdad bin Al-Aswad, epi li te pozel kesyon an. Li reponn: «Li dwe lave pati intim l epi li pran dlo (fè ablisyon)». Epi daprè rapò Al-Bukhari a, li te di: «Pran dlo (fè ablisyon) epi lave pati entim ou».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), chak fwa li te konn soti nan twalèt, li te konn di: «Mwen mande Ou padon».
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
"Pirifikasyon se mwatye lafwa, lwanj pou Allah ranpli balans lan, epi glwa pou Allah pansanm ak lwanj pou Allah ranpli tout espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè, charite se yon prèv, pasyans se yon klète, epi Koran an se yon agiman ki swa pou ou swa kont ou. Tout moun ap leve chak maten, yo swa yap vann tèt yo pou libere li, swa yap vann tèt yo pou pèd l."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè woudou kote li lave chak manm yon sèl fwa.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Si yon chen bwè nan veso youn nan nou, se poul lave li 7 fwa.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"Nou pat konn konsidere koulè maron an (Kudrah) ak koulè jòn la (Sufrah) kòm anyen ditou aprè fanm nan fin wè li pwòp."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak pawòl sa yo, epi Al-Bukhari rapòte li san adisyon (aprè pirifikasyon an).
"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis. Moun ki ale nan dezyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon bèf. Moun ki ale nan twazyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon belye(bouk kabrit) ki gen kòn. Moun ki ale nan katriyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon poul. Epi moun ki ale nan senkyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon ze. Men, depi Imam nan soti (poul monte sou chè a), zanj yo fèmen kaye yo epi yo antre pou yo koute rapèl la (prèch la).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li