Ale jwenn li, epi di li: Ou pa pami moun ki nan dife Lanfè yo, men ou pami moun ki nan Paradi yo.
Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li:
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te remake absans Thabit, pitit gason Qays. Yon Mesye te di: «O Mesaje Allah, mwen pral chèche konn nouvèl li pou ou.» Konsa, li ale kote li epi li jwenn li chita lakay li avèk tèt li bese. Li mande li: «Kisa ki pase ou?» Li reponn: «Se yon move bagay. Mwen te monte vwa mwen pi wo pase vwa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), konsa zèv mwen yo anile, epi mwen fè pati moun lanfè yo.» Mesye an te tounen vin jwenn Pwofèt la epi li enfòmel ke li te di tèl ak tèl bagay. Aprèsa, li te retounen jwenn li yon dènye fwa avèk yon gwo bòn nouvèl, paske Pwofèt la te di li: «Ale jwenn li epi di li: Anverite, ou pa fè pati moun lanfè yo, men ou fè pati moun Paradi yo.»
أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ افْتَقَدَ ثَابِتَ بْنَ قَيْسٍ، فَقَالَ رَجُلٌ: يَا رَسُولَ اللهِ، أَنَا أَعْلَمُ لَكَ عِلْمَهُ، فَأَتَاهُ فَوَجَدَهُ جَالِسًا فِي بَيْتِهِ، مُنَكِّسًا رَأْسَهُ، فَقَالَ: مَا شَأْنُكَ؟ فَقَالَ شَرٌّ، كَانَ يَرْفَعُ صَوْتَهُ فَوْقَ صَوْتِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَدْ حَبِطَ عَمَلُهُ، وَهُوَ مِنْ أَهْلِ النَّارِ، فَأَتَى الرَّجُلُ فَأَخْبَرَهُ أَنَّهُ قَالَ كَذَا وَكَذَا، فَرَجَعَ الْمَرَّةَ الْآخِرَةَ بِبِشَارَةٍ عَظِيمَةٍ، فَقَالَ: «اذْهَبْ إِلَيْهِ فَقُلْ لَهُ: إِنَّكَ لَسْتَ مِنْ أَهْلِ النَّارِ، وَلَكِنْ مِنْ أَهْلِ الْجَنَّةِ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te remake absans Thabit, pitit gason Qays (se pou Allah kontan avèk li), epi li te mande pou li. Gen yon mesye ki te di: "Mwen pral chèche nouvèl li pou ou, ak rezon ki fè li pa la a." Mesye an al kote li, epi li jwenn li anndan lakay li byen tris avèk tèt li bese. Li mandel: "Kisaw genyen?" Thabit te fèl konnen malè ki rivel la; paske li te konn leve vwa li pi wo pase vwa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), epi Allah te menase moun ki fè sa a zèv li yo ap anile, epi lap pami moun Lanfè yo! Mesye a te tounen al jwenn Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li te rakontel sa ki te pase a. Lè sa a, Pwofèt la te kòmandel pou li tounen al jwenn Thabit poul ba li bon nouvèl li pa fè pati moun lanfè yo, men li se moun nan paradi a. Sa te fèt paske vwal te natirèlman fò anpil, epi tou li te konn pòtparol (oratè) Mesaje Allah a ansanm ak pòtparol Ansar yo.
...:
Eksplikasyon sou gwo merit Thabit ibn Qais (ke Allah satisfè de li) ak lefèt ke li se moun nan paradi a.
Atansyon Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn bay konpayon yo ak fason li te konn chèche pran nouvèl yo.
Gwo krentif ak anpil laperèz konpayon Pwofèt yo (ke Allah satisfè de yo) te genyen pou zèv yo pat vin anile.
Obligasyon pou nou gen bon jan respè nan fason nap adrese Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pandan li te vivan, epi pou nou kenbe vwa nou ba lè nap koute sunnah li aprèl mouri.
Sahih Al-Bukhari (4/ 201) (3613).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 110) (119).
Plis (3)
فتح الباري لابن حجر (6/ 620).
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (16/ 146).
النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 183).