Di mwen yon pawòl nan Islam ke mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li apa ou, li di: Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete fèm.
Daprè Abou 'Amr - epi yo di: Abou 'Amrah -, Sufyan ibn Abdullah (ke Allah satisfè avèk li, li te di:
Mwen te di: O Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li sof ou menm. Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete dwat.»
قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، قُلْ لِي فِي الْإِسْلَامِ قَوْلًا لَا أَسْأَلُ عَنْهُ أَحَدًا غَيْرَكَ، قَالَ: «قُلْ: آمَنْتُ بِاللهِ، ثُمَّ اسْتَقِمْ».
Konpanyon an, Sufyan bin Abdullah (se pou Allah satisfè ak li), te mande Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) pou li anseyel yon pawòl ki anglobe tout sans relijyon Islam nan, poul kenbe fèm ak li epi poul pa bezwen poze okenn lòt moun kesyon sou sa ankò. Lè sa a, li (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) di li: "Di: Mwen rekonèt Allah sèl ki gen dwa adore, epi mwen kwè se li menm ki Senyè mwen, Mèt mwen, Kreyatè mwen, epi sèl sa ki merite pou yo adorel tout bon vre, ki pa gen okenn asosye. Aprèsa, se poul soumèt poul obeyi Allah nèt ale nan akonpli tout sa Allah fè obligatwa yo, nan rete lwen tout sa Allah entèdi, epi kontinye rete fèm sou sa."
Baz relijyon an se lafwa nan Allah, kote nou gen konviksyon Li se sèl Mèt, Li se sèl ki merite adorasyon (Inite nan Adorasyon), epi Li se sèl ki gen Non ak Kalite ki pafè (Inite nan Non ak Kalite Li yo).
Enpòtans pou moun rete dwat aprè yo fin gen lafwa, pou yo kontinye fè adorasyon yo, epi pou yo rete fèm sou sa.
Lafwa (Iman) se yon kondisyon pou Allah aksepte aksyon yo.
Lafwa nan Allah gen ladan li tout kwayans ak prensip fondamantal yon moun dwe genyen, ansanm ak sa ki ale avèk yo tankou aksyon kè a, ak soumèt nou soumèt devan Allah ni nan fon kè nou ni nan aksyon nou yo.
Rete dwat la se rete fèm sou chemen an, nan fè obligasyon yo epi kite bagay ki entèdi yo.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 65) (38).
Mousnad Ahmad (24/ 141) (15416).
Plis (5)
المفهم (1/137).
جامع العلوم والحكم (1/507).
فتح القوي المتين للعباد (ص 76).
شرح الأربعين النووية لعبد الكريم الخضير (ص 285).
شرح الأربعين لصالح آل الشيخ (ص 305).