Skip to content

« Relijyon an fasil. Nenpòt moun ki chèche rann li twò lou ap fini pa dekouraje. Donk, rete nan sa ki dwat epi fè pi bon sa nou kapab. »

Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè avèk li) daprè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

« Relijyon an fasil. Nenpòt moun ki chèche rann li twò lou ap fini pa febli anbal. Donk, rete nan sa ki dwat, fè pi bon sa nou kapab, resevwa bon nouvèl la (rete ak kè kontan), epi pwofite moman nan maten, nan aprèmidi, ansanm ak yon ti pati nan lannwit pou nou fè adorasyon nou. »

«إِنَّ الدِّينَ يُسْرٌ، وَلَنْ يُشَادَّ الدِّينَ أَحَدٌ إِلَّا غَلَبَهُ، فَسَدِّدُوا وَقَارِبُوا، وَأَبْشِرُوا، وَاسْتَعِينُوا بِالْغَدْوَةِ وَالرَّوْحَةِ وَشَيْءٍ مِنَ الدُّلْجَةِ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen relijyon Islam lan baze sou fasilite ak soulajman nan tout aspèl, epi fasilite sa a vin pi enpòtan toujou lè yon moun nan bezwen oswa li pa kapab. Paske, lè yon moun vle fè twòp nan zafè relijyon epi li pa gen dousè ak tèt li, sa ap fini pa fatigel, jiskaske li sispann fè tout bagay oswa yon pati ladan yo nèt. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ankouraje moun rete nan mitan san egzajere: pou sèvitè a pa neglije sa Allah mande li fè, ni poul pa chaje tèt li ak sa li pa ka pote. Si li pa kapab fè bagay la nan fason ki pi pafè a, se pou li fè sa ki pi prè sa a posib. Epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anonse yon gwo rekonpans pou moun ki pèsevere nan yon bon aksyon menm si li piti, sitou lè li pa kapab fèl nan fason ki pi pafè a. Paske, si se pa li menm ki lakòz li pa kapab la, sa pap diminye rekonpans li ditou. Paske lavi sou tè sa a se toutbon yon vwayaj ak yon pasaj pou ale nan lòt mond lan (nan lavi aprè lanmò a), Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay lòd pou nou chèche èd nan kenbe adorasyon nou yo regilyèman lè nou fè yo nan 3 moman sa yo kote lespri ak kò a gen plis enèji : Premye moman an : Al-Ghadwah (الغدوة) : se mache nan kòmansman jounen an; sa vle di ant lapriyè Fajr ak lè solèy la ap leve. Dezyèm moman an : Al-Rawhah (الرَّوحة) : se mache aprè solèy la fin panche (aprèmidi). Twazyèm moman an : Al-Duljah (الدُّلْجة) : se mache pandan tout lannwit lan oswa yon pati ladan li. Paske li pi difisil pou yon moun fè efò nan lannwit pase nan jounen, Pwofèt la te mande pou nou fè sèlman yon pati ladan li, lè li te di : « ak yon ti pati nan lannwit ».

Pami benefis Hadith la

Fasilite ak tolerans lwa Islamik la (Sharia), ansanm ak fason li rete nan mitan san li pa tonbe nan egzajerasyon ni nan neglijans.

Sèvitè a dwe akonpli lòd la nan limit kapasite li, san fè neglijans oswa egzajerasyon.

Kwayan an (sèvitè a) dwe chwazi moman kote li gen plis enèji pou li fè adorasyon li yo; e 3 moman espesifik sa yo se moman kote kò a pi repoze epi pi an fòm poul adore Allah.

Ibn Hajar al-Asqalani te di : Se kòmsi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) tap pale ak yon moun ki nan vwayaj pou rive nan yon destinasyon. 3 moman sa yo se pi bon moman pou yon vwayajè; se sak fè li te atire atansyon li sou moman kote li gen plis enèji yo. Paske, si yon vwayajè ta kontinye mache tout lannwit ak tout lajounen san rete, lap fini pa febli epi kanpe nan mitan wout. Men, si li chwazi vwayaje nan moman sa yo kote kò a gen frechè ak enèji, lap kapab kontinye vwayaj li regilyèman san gwo difikilte.

Ibn Hajar te di : Hadith sa a fè referans ak bezwen pou yon moun sèvi ak fasilite lwa a bay yo . Paske, chèche aplike règ strik la (Azimah) nan yon sitiyasyon kote lwa a te bay fasilite, se yon fòm egzajerasyon ki pa nesesè (Tanattu'); tankou yon moun ki ta refize fè Tayammoum (pirifikasyon ak tè) lè li pa kapab sèvi ak dlo, epi lè li sèvi ak dlo a, sa vin lakòz li fè tèt li mal.

Ibn Al-Munir te di: Nan adis sa a, gen yon siy pami siy pwofesi yo, paske nou wè, epi moun anvan nou yo te wè sa tou, tout moun ki ale nan egzajerasyon nan relijyon an ap fini pa abandone li. Objektif la se pa pou entèdi moun chache nivo ki pi pafè a nan adorasyon an, paske sa fè pati bagay ki merite louwanj yo. Men pito, li anpeche ekzajerasyon ki mennen nan fatig, oubyen fè twòp nan zak adorasyon volontè (siplemantè) ki lakòz moun nan kite sa ki pi bon an, oubyen ki fèl retade yon obligasyon poul fèl andeyò lè li. Tankou yon moun ki pase tout nwit la ap priye, epi dòmi pran li, sa ki fè li rate priyè Soub la (maten) an gwoup, oubyen li dòmi jouk solèy la leve epi lè priyè obligatwa a gentan pase.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 16) (39).

Plis (4)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 219).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص115).