Allah te ekri desten tout kreyati yo senkant mil lan (50,000 Lane) anvan li te kreye syèl yo ak tè a
Daprè Abdullah ibn Amr ibn al-As (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:
Allah te ekri desten tout kreyati yo senkant mil (50,000) ane anvan Li te kreye syèl la ak tè a, epi Li te di: "Epi Twòn Li a te sou dlo.
«كَتَبَ اللهُ مَقَادِيرَ الْخَلَائِقِ قَبْلَ أَنْ يَخْلُقَ السَّمَاوَاتِ وَالْأَرْضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ، قَالَ: وَعَرْشُهُ عَلَى الْمَاءِ».
Profèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah te ekri an detay sa ki gen pou rive nan desten tout kreyati yo, tankou lavi, lanmò, pwovizyon ak lòt bagay ankò, nan Tablo ki byen prezève a, senkant mil lane anvan li te kreye syèl yo ak tè a, epi yo gen pou rive daprè sa Allah, Sila a ki gen tout pouvwa ak tout glwa a, te deside, Konsa, tout bagay ki rive, se daprè dekrè Allah ak plan Li, Kèlkeswa sa ki rive yon moun, li patap janm kapab chape anbal; epi kèlkeswa sa ki pase bò kotel san li pat rivel, li pa tap janm kapab rivel.
...:
Obligasyon pou gen lafwa nan sa Allah deside ak sa Li planifye (Al-Qada wal-Qadr).
Desten se: konesans Allah genyen sou bagay yo, ekriti li, volonte li, ak kreyasyon li pou yo.
Lafwa nan lefèt ke desten yo te deja ekri anvan kreyasyon syèl yo ak tè a, pwodwi (nan kè kwayan an) santiman satisfaksyon ak soumisyon (devan volonte Allah).
Twòn Allah ki gen Tout Mizèrikòd la (Ar-Rahman) te sou dlo a, anvan kreyasyon syèl yo ak tè a.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2044) (2653).
Plis (2)
إكمال المعلم (8/141).
البحر المحيط الثجاج (41/450).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«كَتَبَ اللهُ مَقَادِيرَ الخَلَائِقِ قَبْلَ أَنْ يَخْلُقَ السَّمَاوَاتِ وَالأَرْضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ، وَعَرْشُهُ عَلَى المَاءِ»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- «كَتَبَ الله مَقَادِيرَ الْخَلائِقِ قَبْلَ أَنْ يَخْلُقَ السَّمَاوَاتِ وَالأَرْضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ».
- مجموعة زاد الحديث(3)1«كَتَبَ الله مَقَادِيرَ الْخَلَائِقِ قَبْلَ أَنْ يَخْلُقَ السَّمَاوَاتِ وَالْأَرْضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ».
- موسوعة الإيمان«كَتَبَ اللهُ مَقَادِيرَ الْخَلَائِقِ قَبْلَ أَنْ يَخْلُقَ السَّمَوَاتِ وَالْأَرْضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ، قَالَ: وَعَرْشُهُ عَلَى الْمَاءِ».
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) «كَتَبَ اللهُ مقَادِيَر الخَلائِقِ قَبْلَ أنْ يَخلُقَ السَّمَاواتِ والأرَضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ»