Nenpòt moun ki touye yon moun ki anba yon trete lapè pap janm pran sant Paradi a, epi vreman, yo ka santi bon sant li depi nan yon distans karant ane vwayaj.
Daprè Abdoullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), soti nan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«Nenpòt moun ki touye yon moun ki anba yon akò lapè pap janm pran sant Paradi a, epi sètènman yo ka pran sant li depi nan yon distans 40 ane mache.»
«مَنْ قَتَلَ مُعَاهَدًا لَمْ يَرَحْ رَائِحَةَ الْجَنَّةِ، وَإِنَّ رِيحَهَا تُوجَدُ مِنْ مَسِيرَةِ أَرْبَعِينَ عَامًا».
Pwofèt la, se pou lapè ak benediksyon Allah sou li, eksplike gwo avètisman an sou lefèt ke nenpòt moun ki touye yon moun ki anba yon trete -sa vle di pami moun ki pa kwè yo ki antre nan peyi Islam nan avèk yon trete ak garanti sekirite- li pap janm pran sant Paradi a, epi vrèman, yo ka pran sant li nan yon distans 40 an vwayaj.
...:
Li entèdi pou yo touye yon moun ki gen yon trete , yon moun ki anba pwoteksyon , ansanm ak yon moun ki jwenn sekirite pami mekreyan yo, epi sa se yon gwo peche pami pi gwo peche yo.
Mou'ahid (Al-Mu'ahid): Se moun nan pami moun ki pa kwè yo ki gen yon trete (akò lapè) avèk Mizilman yo, epi kap viv nan pwòp peyi pal. Li pa fè lagè ak Mizilman yo, epi Mizilman yo pa fè lagè avè li tou. Zimi (Al-Dhimmi): Se moun ki tabli lap viv nan peyi Mizilman yo epi ki peye Jizya a. Moustaman (Al-Musta'man): Se moun ki antre nan peyi Mizilman yo avèk yon akò pwoteksyon ak garanti sekirite pou yon tan byen presiz
Avètisman kont trayi angajman yo avèk moun ki pa mizilman yo.
Plis (8)
صحيح البخاري منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (8/ 232).
توضيح الأحكام شرح بلوغ المرام.
للبسام (6/ 90).
فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (5/ 520).
سبل السلام.
لمحمد الصنعاني (2/ 501).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- الصراط المستقيم(من قتل معاهداً لم يرح رائحة الجنة)[33]
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«مَنْ قَتَلَ مُعَاهَدًا لَمْ يَرِحْ رَائِحَةَ الجَنَّةِ، وَإِنَّ رِيحَهَا يُوجَدُ مِنْ مَسِيرَةِ أَرْبَعِينَ عَامًا» [104].
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الخامسة«مَنْ قَتَلَ مُعَاهَدًا لَمْ يَرَحْ (أي: لَمْ يَشُمَّ) رَائِحَةَ الْجَنَّةِ، وَإِنَّ رِيحَهَا تُوجَدُ مِنْ مَسِيرَةِ أَرْبَعِينَ عَامًا»
- موسوعة الأسئلة (المجموعة الأولى)«مَنْ قَتَلَ مُعَاهَدًا لَمْ يَرَحْ رَائِحَةَ الْجَنَّةِ، وَإِنَّ رِيحَهَا تُوجَدُ مِنْ مَسِيرَةِ أَرْبَعِينَ عَامًا»
- نبراس طالب (5)1«مَنْ قَتَلَ مُعَاهَدًا لَمْ يَرَحْ رَائِحَةَ الجَنَّةِ، وَإِنَّ رِيحَهَا تُوجَدُ مِنْ مَسِيرَةِ أَرْبَعِينَ عَامًا»