Skip to content

Nenpòt moun ki pann yon amilèt, sètènman li komèt Shirk (idolatri)

Daprè Uqbah ibn Amir al-Juhani (se pou Allah satisfè avè l):

Yon gwoup moun te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li). Li te aksepte sèman fidèlite 9 nan yo, epi li te refize pou youn. Yo te di: "O Mesaje Allah, ou aksepte sèman nèf nan yo epi ou kite sa a?" Li te di: «Li gen yon tamimah sou li». Lè sa a, nonm nan te foure men li epi li te rachel. Aprèsa, li te aksepte sèman li an, epi li te di: «Nenpòt moun ki pann yon tamimah, asireman li fè Shirk(idolatri)».

أَنَّ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَقْبَلَ إِلَيْهِ رَهْطٌ، فَبَايَعَ تِسْعَةً وَأَمْسَكَ عَنْ وَاحِدٍ، فَقَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ، بَايَعْتَ تِسْعَةً وَتَرَكْتَ هَذَا؟ قَالَ: «إِنَّ عَلَيْهِ تَمِيمَةً»، فَأَدْخَلَ يَدَهُ فَقَطَعَهَا، فَبَايَعَهُ، وَقَالَ: «مَنْ عَلَّقَ تَمِيمَةً فَقَدْ أَشْرَكَ».

Rapòte pa Ahmad
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Yon gwoup te vin jwenn Pwofèt la, epi yo te 10 an total. Li te aksepte angajman 9 ladan yo pou yo aksepte Islam epi swiv li, epi li pa te aksepte angajman dizyèm nan. Lè yo te mande li rezon ki fè sa, li (ke priyè ak lapè sou li) te di: Sètènman, li gen yon amilèt sou li, ki se sa yo mare oswa yo pandye ki fèt ak pèl ak lòt bagay ankò, pou repouse move zye oswa malè. Lè sa a, nonm lan mete men li kote amilèt la te ye a, li koupe li epi li debarase li de li. Nan moman sa a, Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te aksepte sèman pa li a, epi li te pale pou li avèti kont amilèt yo epi eskplike ki jijman relijyon an bay sou yo: "Nenpòt moun ki pann yon amilèt, li komèt shirk."

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Nenpòt moun ki konte sou yon lòt (bagay oswa moun) ki pa Allah, Allah ap trete li avèk lekontrè sa li te gen entansyon an.

Kwè ke pann amilèt se yon mwayen pou repouse mal ak move zye se yon chirk minè; men si yon moun kwè yo gen pouvwa pou pote byenfè poukont yo, sa se yon chirk majè.

Referans yo.

Mousnad Ahmad (28/ 636) (17422).

Plis (4)

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص74).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص85).