Skip to content

Tout kominote mwen an ap jwenn padon, eksepte moun kap fè peche aklè yo.

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:

«Tout kominote mwen an ap jwenn padon, eksepte moun kap pibliye peche yo aklè. Epi pami fason moun pibliye peche yo, se lè yon moun fè yon aksyon lannwit, aprèsa li leve nan maten pandan Allah te kache sa pou li, epi lap di: O entèl, yèswa mwen te fè tèl ak tèl bagay. Li te pase nwit la pandan Senyèl te kache li pou li, epi li leve nan maten lap retire vwal Allah te mete sou li a.»

«كُلُّ أُمَّتِي مُعَافًى إِلَّا المُجَاهِرِينَ، وَإِنَّ مِنَ المُجَاهَرَةِ أَنْ يَعْمَلَ الرَّجُلُ بِاللَّيْلِ عَمَلًا، ثُمَّ يُصْبِحَ وَقَدْ سَتَرَهُ اللَّهُ عَلَيْهِ، فَيَقُولَ: يَا فُلاَنُ، عَمِلْتُ البَارِحَةَ كَذَا وَكَذَا، وَقَدْ بَاتَ يَسْتُرُهُ رَبُّهُ، وَيُصْبِحُ يَكْشِفُ سِتْرَ اللَّهِ عَنْهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke mizilman ki fè peche a gen espwa jwenn padon ak gras Allah, eksepte moun kap pibliye peche li poul vante tèt li epi san wont, li menm li pa merite padon; kote lap fè peche a nan aswè, epi li leve nan maten pandan Allah te kouvri li, aprèsa lap di lòt moun ke li te fè tèl ak tèl peche yè. Poutan li te pase nwit lan pandan Senyè li tap kouvri li, epi nan maten lap retire pwoteksyon (vwal) Allah te mete sou li a!!

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li Lèd nan devwale peche an piblik aprè Allah (Trè O a) fin kouvri sa pou li.

Fè peche aklè se pwopaje imoralite pami kwayan yo.

Nenpòt moun Allah kouvri li nan mond sa a, Lap kouvri li nan lòt mond lan, epi sa fè pati imansite mizèrikòd Allah ki Trèwo a pou sèvitèl yo.

Nenpòt moun ki tonbe nan yon peche dwe kache sa pou tèt li, epi repanti bay Allah.

Gravite peche moun kap fè peche an piblik yo, moun sa yo ki fè eskprè pou yo montre move zak yo, epi ki anpeche tèt yo jwenn padon an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 20) (6069).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2291) (2990).

Plis (8)

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (3/ 15).

منار القاري شرح مختصر صحيح البخاري.

لحمزة قاسم (5/ 251).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 329).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 255).