«Li te sifi pou ou annik fè konsa ak 2 men ou yo.» Epi li frape tè a ak 2 men li yo yon sèl fwa, aprèsa, li mase goch la sou dwat la, epi do 2 men li yo ansanm ak figi li.
Daprè Ammar ibn Yasir (ke Allah satisfè avèk li), li di:
Mesaje Allah a te voyem pou yon bezwen, epi mwen te tonbe nan eta enpite majè epi mwen pat jwenn dlo, konsa, mwen te woule kòm sou tè a menm jan yon bèt woule kò li. Aprèsa, mwen vin jwenn Pwofèt la, epi mwen mansyone sa ba li, epi li di: «Li te sifi pou ou annik fè konsa ak 2 men ou yo.» Aprèsa, li frape tè a ak 2 men li yo yon sèl fwa, aprèsa, li mase men gòch la sou men dwat la, ak do 2 men li yo ansanm ak figi li.
بَعَثَنِي رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِي حَاجَةٍ، فَأَجْنَبْتُ فَلَمْ أَجِدِ الْمَاءَ، فَتَمَرَّغْتُ فِي الصَّعِيدِ كَمَا تَمَرَّغُ الدَّابَّةُ ثُمَّ أَتَيْتُ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَذَكَرْتُ ذَلِكَ لَهُ فَقَالَ: «إِنَّمَا كَانَ يَكْفِيكَ أَنْ تَقُولَ بِيَدَيْكَ هَكَذَا» ثُمَّ ضَرَبَ بِيَدَيْهِ الْأَرْضَ ضَرْبَةً وَاحِدَةً، ثُمَّ مَسَحَ الشِّمَالَ عَلَى الْيَمِينِ، وَظَاهِرَ كَفَّيْهِ وَوَجْهَهُ.
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye Ammar bin Yasir — se pou Allah kontan avèk li — nan yon vwayaj pou kèk nan bezwen li yo, epi li te tonbe nan eta janaba akòz relasyon seksyèl oswa ekoulman spèm avèk dezi, epi li pat jwenn dlo poul benyen pou li soti ladan li, Li pat konnen prensip sou Tiyayèm (Teyamoum) – Fè ablisyon ak pousyè tè pou eta Gwo Salte, men li te sèlman konnen prensip la pou eta Ti Salte, Konsa, li fè pwòp jijman li, epi li panse ke, menm jan li mase kèk nan manm woudou yo ak tè ki sou sifas tè a pou ti enpite a, fòk tayamoum pou djanaba a fèt nan kouvri tout kò a ak tè; kòm konparezon ak dlo a. Kidonk, li woule kòl nan tè a jiskaske li kouvri tout kò li, aprèsa, li lapriyè, Lè li te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), li te mansyone sa ba li; pou li te ka wè èske li te kòrèk oubyen non? Epi Pwofèt la te eksplike li fason pou li pirifye tèt li soti nan 2 eta enpite yo, sa ki piti a tankou pipi, ak sa ki gwo a tankou Djanaba: fason pou fè sa se, li frape tè a ak 2 men li yo yon sèl fwa, aprèsa, li mase men gòch li sou men dwat li, ansanm ak do 2 men li yo ak figi li.
...:
Obligasyon pou yon moun chèche dlo anvan li fè tayammoum lan.
Lejitimite fè Tayammoum pou moun ki nan eta Janaba (eta kote li te dwe benyen nèt) epi ki pa jwenn dlo.
Tayammoum pou Gwo Salte, se tankou Tayammoum pou Ti Salte.
Sahih Al-Bukhari (1/ 77) (347).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 280) (368).
Plis (6)
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 60).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
لعبد الله البسام (ص72).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (1/ 92).