Skip to content

"Nenpòt sa mwen entèdi nou fè, evite li, epi nenpòt sa mwen kòmande nou fè, fè tout sa nou kapab ladan l."

Daprè Abou Hurayrah Abdur-Rahman ibn Sakhr (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

"«Nenpòt sa mwen entèdi nou fè, evite li, epi nenpòt sa mwen kòmande nou fè, fè tout sa nou kapab ladan l; paske se anpil kesyon yo te konn poze ak dezakò yo te genyen avèk pwofèt yo ki te detwi moun ki te la anvan nou yo.»"

«مَا نَهَيْتُكُمْ عَنْهُ فَاجْتَنِبُوهُ، وَمَا أَمَرْتُكُمْ بِهِ فَافْعَلُوا مِنْهُ مَا اسْتَطَعْتُمْ، فَإِنَّمَا أَهْلَكَ الَّذِينَ مِنْ قَبْلِكُمْ كَثْرَةُ مَسَائِلِهِمْ، وَاخْتِلَافُهُمْ عَلَى أَنْبِيَائِهِمْ».

Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Sahih
Esplikasyon an

Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè nou konnen ke si li entèdi nou yon bagay, nou gen obligasyon pou nou evite li san okenn eksepsyon, epi si li ban nou lòd fè yon bagay, nou dwe fè sa nou kapab ladanl. Aprèsa, Li te avèti nou pou nou pa menm jan ak kèk nasyon ki te pase anvan yo, lè yo te poze pwofèt yo twòp kesyon epi anmenmtan yo te dezobeyi yo, konsa Allah te pini yo ak divès kalite destriksyon ak ravaj; donk nou pa dwe menm jan ak yo, pou nou pa peri menm jan yo te peri a.

Pami benefis Hadith la

Hadith la se yon prensip pou esplike sa ki obligatwa nan akonpli sa ki kòmande a epi evite sa ki entèdi a.

Sa ki entèdi a, pa gen okenn pèmisyon pou komèt anyen ladan l, epi sa yo kòmande a limite selon kapasite; paske pa fèl la nan kapasite moun, epi fèl la mande kapasite pou reyalize aksyon yo kòmande a.

Entèdiksyon pou poze twòp kesyon an, savan yo divize kesyon an an 2 kategori: Premye a: sa ki fèt nan bi pou aprann sa yon moun bezwen konnen nan zafè relijyon an, e sa a se yon bagay yo mande nou fè, epi se nan kategori sa a kesyon Konpayon yo te ye. Dezyèm nan: sa ki fèt nan bi pou kreye difikilte ak konplike bagay yo, epi se sa a menm ki entèdi a.

Avètisman bay nasyon sa a kont dezobeyisans Pwofèt li a, menm jan sa te rive nan nasyon ki te anvan li yo.

Bagay yo entèdi a gen ladan li tout sa ki piti ak tout sa ki gwo; paske li enposib pouw evitel san ou pa evite ni ti kantite a ni gwo kantite a. Pa egzanp: li entèdi nou fè enterè (riba), donk sa kouvri ni ti kantite ni gwo kantite.

Kite tout sa ki ka mennen nan sa ki entèdi; paske sa fè pati siyifikasyon pou yon moun evite yon bagay.

Moun nan pa ta dwe, lè li tande yon lòd Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), poul di: èske li se yon devwa oswa li rekòmande, men li dwe prese fè li ; paske li te di: «fè tout sa nou kapab ladan l».

Poze twòp kesyon se yon kòz destriksyon, sitou nan bagay moun pa ka rive konprann yo, tankou kesyon sou bagay envizib yo (Al-Ghaib), ak fason sitiyasyon Jou Rezirèksyon an ap ye. Pa poze twòp kesyon sou sa pouw pa peri, epi pouw pa vin tounen yon moun kap egzajere epi kap fouye twò fon.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 94) (7288).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 975) (1337).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 236).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 181).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 268).