Yon mesye te fè woudou epi li te kite yon ti kote gwosè yon zong sou pye li, lè sa a Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè li epi li dil: Tounen al fè woudou ou byen fèt. Li te tounen, aprèsa li fè lapriyè.
Daprè Jabir, ke Allah satisfè avèk li, li te di: Umar ibn Al-Khattab te enfòmem:
Yon Mesye te fè woudou epi li te kite yon ti kote sèch gwosè yon zong sou pye li. Lè Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè li, li te di: «Tounen epi byen fè woudou ou a». Lè sa a, li te tounen, aprèsa li te fè lapriyè.
أَنَّ رَجُلًا تَوَضَّأَ فَتَرَكَ مَوْضِعَ ظُفُرٍ عَلَى قَدَمِهِ فَأَبْصَرَهُ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَقَالَ: «ارْجِعْ فَأَحْسِنْ وُضُوءَكَ» فَرَجَعَ، ثُمَّ صَلَّى.
Omar (Ke Allah satisfè ak li) te rapòte ke Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè yon Mesye ki te fini fè woudou li, epi li te kite yon ti kote gwosè yon zong sou pye li dlo woudou a pat touche, Epi li dil pandan li tap montre li kote li pat byen lave a: Tounen, al byen fè woudou ou epi konpletel epi bay chak pati nan kò ou kantite dlo li merite a, Epi mesye a te tounen, epi li te konplete pran dlol (fè ablisyon l), aprèsa li te fè lapriyè.
...:
Obligasyon pou prese òdone sa ki byen, epi gide moun ki inyoran ak moun ki neglijan yo, sitou si sa ki mal la gen kòm konsekans anilasyon adorasyon moun nan.
Li obligatwa pou kouvri tout manm woudou yo nèt ak dlo, epi moun ki kite yon pati nan yon manm - menm sil toupiti - woudou li a pa valab, epi li oblije refèl si entèval tan an long.
Preskripsyon pou pèfeksyone woudou a(ablisyon an), epi sa fèt lè yo konpletel epi fè li konplè nan fason yo kòmande sa daprè lwa relijyon an.
2 pye yo fè pati manm kò pou ablisyon an, epi li pa ase pou moun pase men mouye sou yo, men pito li obligatwa pou lave yo.
Nou dwe fè etap yo younn aprè lòt san pèdi tan ant pati kò yo nan ablisyon an, yon fason pou nou lave chak pati anvan pati nou te lave anvan an gen tan seche.
Inyorans ak oubli pa retire obligasyon an, men pito yo retire peche a. Kidonk, mesye sa a ki pat fè ablisyon li yon fason konplè poutèt inyorans li, Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li, pat retire obligasyon an sou li, ki se ablisyon an, men pito li te ba li lòd poul refè l.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 215) (243).
Plis (4)
توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.
لعبد الله البسام (1/ 247).
شرح سنن أبي داود.
لعبد المحسن العباد (29/ 13 بترقيم الشاملة آليا).