Skip to content

Mond lan dous, li vèt, epi an verite se Allah kap fè nou erityel ladan poul wè ki jan nap aji; kidonk, evite pyèj mond lan epi evite pyèj medam yo.

Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè ak li), soti bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te di:

«Sètènman, lavi isiba a dous epi li vèt, epi sètènman, Allah mete nou kòm responsab ladan li, pou Li wè kijan nap aji. Donk, pran prekosyon nou ak lavi isiba a, epi pran prekosyon nou ak medam yo, paske sètènman, premye tantasyon (Fitnah) Pitit Izrayèl yo te soti nan medam yo.»

«إِنَّ الدُّنْيَا حُلْوَةٌ خَضِرَةٌ، وَإِنَّ اللهَ مُسْتَخْلِفُكُمْ فِيهَا، فَيَنْظُرُ كَيْفَ تَعْمَلُونَ، فَاتَّقُوا الدُّنْيَا وَاتَّقُوا النِّسَاءَ، فَإِنَّ أَوَّلَ فِتْنَةِ بَنِي إِسْرَائِيلَ كَانَتْ فِي النِّسَاءِ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, montre aklè ke lavi sou tè sa a dous lè ou goute li, epi li vèt (bèl) lè ou gade li, konsa moun kite li twonpe yo, yo plonje nèt ladan li, epi yo fè li tounen pi gwo sousi yo. "Epi Allah, ki merite tout lwanj epi ki anlè nèt la, fè youn nan nou ranplase lòt nan lavi sou tè sa a, pou li obsève kijan nap aji, èske nap obeyi li, osinon èske nap dezobeyi li?" Aprèsa li te di: Pran prekosyon nou pou plezi lavi sou latè ak bèl bagay li yo pa twonpe nou, pou sa pa pouse nou kite sa Allah te kòmande nou, epi tonbe nan sa Li te entèdi nou yo. Epi pami pi gwo bagay nou dwe pran prekosyon kont li nan tantasyon yo (ak tribilasyon yo) nan lavi mond sa a, se tantasyon medam yo (Fitnah), epi se te premye tantasyon kote Pitit Izrayèl yo te tonbe ladan li.

Siyifikasyon mo yo

خَضِرَة: غضة ناعمة طرية. فالدنيا تُشبِه في الميل إليها الفاكهة الحلوة الطرية في مذاقها، الخضرة في لونها.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou moun toujou rete nan lakrentif Allah , epi pou yo pa kite aparans mond lan ak bèltel yo distrè yo.

Fè atansyon pou nou pa kite tantasyon fanm yo pran nou, kit se atravè yon kout zye, kit se nan yon twò gwo libète nan fason gason ak fanm ki pa fanmi melanje, osinon nenpòt lòt fason ki sanble ak sa.

Tantasyon fanm se youn nan pi gwo tantasyon yo (ak tribilasyon yo) nan mond sa a.

Pran egzanp ak tire leson nan nasyon ki te la anvan yo; paske sa ki te rive pitit Izrayèl yo kapab rive lòt moun tou.

Nan keksyon tantasyon fanm yo: si se pwòp madanm yon gason, li ka egzijel depans ki depase mwayen li, sa kap fèl neglije devwa relijyel yo epi pousel ap kouri dèyè byen mond lan san pran souf. Si se yon lòt fanm ki pa madanm li, tantasyon an chita nan fason yo atire gason epi fè yo devye vrè chemen an lè yo soti pou yal melanje avèk yo, sitou lè yo pa kouvri kò yo byen epi yo ap afiche tèt yo ak atifis. Sa ka mennen moun tonbe nan tout nivo adiltè. Se poutèt sa, li enpòtan pou kwayan an kole kole ak Allah, epi lapriyèl poul delivre li anba tantasyon yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2098) (2742).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 146).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 173).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 103).