Skip to content

Mwen te resevwa lòd poum konbat moun yo jouk tan yo temwaye ke pa gen okenn lòt dye sinon Allah epi Muhammad se Mesaje Allah, pou yo fè lapriyè (Salat), epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat)

Daprè Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Mwen te resevwa lòd poum konbat moun yo jouk tan yo temwaye ke pa gen okenn lòt dye sinon Allah epi Muhammad se Mesaje Allah, pou yo fè lapriyè (Salat), epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat). Si yo fè sa, san yo ak byen yo ap pwoteje kont mwen, eksepte si lalwa Islam mande sa, epi se nan men Allah jijman yo ye.»

«أُمِرْتُ أَنْ أُقَاتِلَ النَّاسَ حَتَّى يَشْهَدُوا أَنْ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَيُقِيمُوا الصَّلاَةَ، وَيُؤْتُوا الزَّكَاةَ، فَإِذَا فَعَلُوا ذَلِكَ عَصَمُوا مِنِّي دِمَاءَهُمْ وَأَمْوَالَهُمْ إِلَّا بِحَقِّ الإِسْلاَمِ، وَحِسَابُهُمْ عَلَى اللَّهِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah te bali lòd poul konbat politeyis yo jouk tan yo temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adore tout bon sinon Allah sèlman san okenn asosye, epi yo temwaye ke Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) se Mesaje Allah, epi pou yo aji selon egzijans temwayaj sa a lè yo fè 5 lapriyè (Salat) yo chak jou ak chak swa, epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat) bay moun ki merite resevwa li yo. Si yo fè bagay sa yo, Islam pwoteje san yo ak byen yo, konsa li pa legal pou touye yo sof si yo komèt yon krim oswa yon ofans ki fè yo merite pou yo touye yo daprè lwa Islam yo; epi nan jou Jijman an, Allah Granmèt la ap pran jijman yo an chaj, paske Li konnen sekrè yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Jijman yo aplike sèlman sou sa ki parèt klè, epi se Allah kap jere sa ki kache.

Enpòtans Mesaj (Dawah) pou Tawid (Inisite Allah), epi se li ki premye sa pou yo kòmanse avèl nan Dawah a.

Hadis sa a pa vle di fòse moun ki pa kwayan yo pou yo antre nan Islam. Okontrè, yo gen chwa ant antre nan Islam oswa peye taks pwoteksyon si yo refize tout sa, epi yo anpeche mesaj Islam lan pase, alòs pa gen lòt solisyon eksepte konbat yo Daprè règ ak lwa Islam yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 14) (25).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 53) (22).

Plis (4)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل السعدي (ص23).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص125).