"Nenpòt moun ki di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi ki rejte tout sa yo adore ki pa Allah; byen li ak san li pwoteje, e jijman li se sou kont Allah."
Daprè Tariq bin Ashyam Al-Ashja'i (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:
«Nenpòt moun ki di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi ki rejte tout sa yo adore ki pa Allah; byen li ak san li pwoteje, e jijman li se sou kont Allah».
«مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَكَفَرَ بِمَا يُعْبَدُ مِنْ دُونِ اللهِ حَرُمَ مَالُهُ وَدَمُهُ، وَحِسَابُهُ عَلَى اللهِ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke nenpòt moun ki di epi ki temwaye ak lang li: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah», ki vle di: pa gen okenn lòt dye ki merite pou yo adorel toutbonvre esepte Allah, epi ki rejte tout sa yo adore ki pa Allah, epi ki pran distans li ak tout lòt relijyon yo esepte Islam; byen li ak san li pwoteje devan mizilman yo. Nou gen pou nou jije li sèlman sou sa ki parèt aklè nan aksyon li yo, kidonk yo pa gen dwa pran byen li ni yo pa gen dwa koule san li, esepte sil komèt yon krim oswa yon ofans ki egzije sa daprè lwa Islam yo. Epi Allah ap pran chaj jijman li nan Jou Rezirèksyon an, konsa si li te sensè, Lap rekonpanse li, epi si li te yon ipokrit, Lap ba li chatiman.
...:
Pwononse "La ilaha illa Allah", epi rejte tout sa yo adore ki pa Allah, se yon kondisyon pou antre nan Islam.
Sans (La ilaha illa Allah) se rejte (manti) tout sa yo konn adore anndan lavi a ki pa Allah, tankou zidòl, tonb, ak lòt bagay ankò; epi se mete Li sèl (Allah) apa poun ba Li tout adorasyon an."
Nenpòt moun ki vini ak Inisite Allah a (Tawheed) epi ki soumèt li (ki pratikel) nan sa ki parèt an deyò a anba lwa Islam yo, li obligatwa poun pa jijel (poun pa akizel de mekreyans) jouk tan yon prèv klè parèt lakay li ki kontredi sa.
Byen yon Mizilman (lajan li ak sal posede), san li (lavi li), ak diyitel (onè li), se bagay ki sakre e li entèdi (haram) pou yo vyole yo, eksepte avèk yon dwa ki jis.
Jijman nan lavi sou latè a baze sou sa ki parèt an deyò a (sa moun nan fè ak sa li di), men nan lavi aprè a (devan Allah), jijman an ap baze sou sa ki nan entansyon ak onjektif ki te nan kè a.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 53) (23).
Plis (4)
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص68).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص77).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- التوحيد في ضوء عقيدة الإمام الشافعي رحمه الله ونصوصه ومروياته"من قال: لا إله إلا الله، وكفر بما يعبد من دون الله حرم ماله ودمه، وحسابه على الله ".([12])
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«مَن قال لا إلهَ إلَّا الله، وكَفَرَ بِمَا يُعْـبَـدُ مِنْ دُونِ الله، حَرُمَ مَالُهُ وَدَمُهُ، وَحِسَابُهُ عَلىٰ الله تعالىٰ».
- مشروع المنهج التعليميمادة التوحيد مستوى 1«مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَكَفَرَ بِمَا يُعْبَدُ مَنْ دُونِ اللهِ؛ حَرُمَ مَالُهُ، وَدَمُهُ»