Skip to content

Yon moun ap swiv relijyon zanmi pwòch li (nan konpòtman ak fason lap viv), donk se pou chak moun nan nou gade ak kilès lap fè zanmi pwòch.

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di :

«Yon moun swiv relijyon zanmi pwòch li, kidonk se pou chak moun pami nou gade byen ki moun lap pran kòm zanmi.»

«الرَّجُلُ عَلَى دِينِ خَلِيلِهِ، فَلْيَنْظُر أَحَدُكُم مَنْ يُخَالِل».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre aklè ke yon moun sanble ak zanmi li ansanm ak konpayon sensè li nan fason lap viv ak nan abitid li, epi amitye gen yon gwo efè sou karaktè, konpòtman, ak fason moun aji. Se poutèt sa, li konseye pou yon moun byen chwazi zanmi li; paske lap gide zanmi lan nan lafwa, nan bon chimen ak nan sa ki debyen, epi lap sèvi kòm yon èd pou moun lap mache ak li a.

Pami benefis Hadith la

Lòd pou mache ak bon moun epi chwazi yo, ak entèdiksyon pou frekante move moun.

Li te mete aksan sou zanmi an olye de fanmi an; paske yon konpanyon se ou menm ki chwazi li, alòske yon frè oswa yon fanmi, ou pa gen okenn chwa ladan li.

Chwazi moun pou mache ak yo dwe fèt avèk refleksyon.

Yon moun ranfòse lafwa (relijyon) li lè li mache ak kwayan yo, epi li febli l lè li fè frekantasyon ak moun kap fè sa ki mal (moun ki pèvèti).

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 204) (4833).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 187) (2378).

Mousnad Ahmad (13/ 398) (8028).

Plis (10)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 433).

تحفة الأحوذي بشرح جامع الترمذي.

للمباركفوري (7/ 51).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص250).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (6/ 166).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 341).