Sa vrèman bèl epi etonan pou sitiyasyon kwayan an! Tout sa k rive li se yon byen pou li, epi privilèj sa a se sèl kwayan an ki genyen li.
Dapre Souhayb (se pou Allah satisfè avè l), li di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Sa vrèman bèl epi etonan pou sitiyasyon kwayan an! Tout sa k rive li se yon byen pou li, epi privilèj sa a se sèl kwayan an ki genyen li: Si yon bon bagay rivel, li remèsye Allah epi sa vin yon byen pou li; si yon malè oswa yon eprèv frape li, li pran pasyans, epi sa vin yon byen pou li tou.
«عَجَبًا لِأَمْرِ الْمُؤْمِنِ، إِنَّ أَمْرَهُ كُلَّهُ خَيْرٌ، وَلَيْسَ ذَاكَ لِأَحَدٍ إِلَّا لِلْمُؤْمِنِ، إِنْ أَصَابَتْهُ سَرَّاءُ شَكَرَ، فَكَانَ خَيْرًا لَهُ، وَإِنْ أَصَابَتْهُ ضَرَّاءُ صَبَرَ، فَكَانَ خَيْرًا لَهُ».
Pwofèt la (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) twouve sitiyasyon kwayan an ak sa kap rivel etonan, nan yon fason ki montre li apresye sa; sa se paske tout afèl se yon byen pou li, epi sa pa pou pèsonn lòt eksepte pou kwayan an; Si yon byenfè rivel, li remèsye Allah pou sa; konsa li jwenn rekonpans gras ak rekonesans li, Epi si yon eprèv rive li, li pran pasyans epi li espere rekonpans nan men Allah, konsa li jwenn rekonpans gras ak pasyans li, kidonk li toujou jwenn rekonpans nan tout sikonstans.
Merit rekonesans nan moman byenfè ak pasyans nan moman eprèv: moun ki fè sa, li jwenn bon bagay nan tou 2 mond yo. Kanta pou moun ki pa remèsye pou byenfè, epi ki pa pran pasyans nan moman malè, li pèdi rekonpans li, epi li vin jwenn peche.
Mèrit lafwa a, epi lefèt ke rekonpans lan nan tout sikonstans rezève sèlman pou moun ki gen lafwa yo.
Rekonesans nan moman byenfè, epi pasyans nan moman eprèv, fè pati kalite kwayan yo.
Lafwa nan desten ak volonte Allah (al-Qadā' wal-Qadar) fè kwayan an viv nan yon satisfaksyon total nan tout sitiyasyon li. Sa diferan nèt pour moun ki pa kwayan an, ki toujou nan rankin ak kòlè lè yon malè rivel; epi sil ta resevwa yon favè (byenfè) nan men Allah ki gen tout pouvwa a, li tèlman okipe ak favè sa a li neglije obeyi Allah, san konte li menm sèvi avè li pou fè peche kont Li.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2295) (2999).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 82).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (1/ 197).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 59).
Cited in books
4 BooksPlis (3)
- فتاوى المرضىفتاوى المرضى «عجبًا لأمر المؤمن، إن أمره كله خير، وليس ذاك لأحد إلا للمؤمن، إن أصابته سراء شكر، فكان خيرًا له، وإن أصابته ضراء صبر، فكان خيرًا له»
- مشروع المنهج التعليميمادة التوحيد مستوى 2«عَجَبًا لِأَمْرِ الْمُؤْمِنِ، إِنَّ أَمْرَهُ كُلَّهُ خَيْرٌ، وَلَيْسَ ذَاكَ لِأَحَدٍ إِلَّا لِلْمُؤْمِنِ، إِنْ أَصَابَتْهُ سَرَّاءُ شَكَرَ، فَكَانَ خَيْرًا لَهُ، وَإِنْ أَصَابَتْهُ ضَرَّاءُ، صَبَرَ فَكَانَ خَيْرًا لَهُ»
- نبراس طالب (3)نبراس طالب 3«عَجَبًا لأَمْرِ الْمُؤْمِنِ! إِنَّ أَمْرَهُ كُلَّهُ خَيْرٌ، وَلَيْسَ ذَاكَ لِأَحَدٍ إلاَّ لِلْمُؤْمِنِ، إِنْ أَصَابَتْهُ سَرَّاءُ شَكَرَ فَكَانَ خَيْرًا لَهُ، وَإِنْ أَصَابَتْهُ ضَرَّاءُ صَبَرَ فَكَانَ خَيْرًا لَهُ»