Skip to content

Piga nou chita sou tonb yo, ni pa lapriyè nan direksyon yo.

Daprè Abou Marthad al-Ghanawi (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Piga nou chita sou tonb yo, ni pa lapriyè nan direksyon yo.»

«لَا تَجْلِسُوا عَلَى الْقُبُورِ، وَلَا تُصَلُّوا إِلَيْهَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te entèdi chita sou tonbo yo. Menm jan li te entèdi pou moun fè lapriyè nan direksyon tonb yo, kote tonb lan ta nan direksyon Kibla a (Kaba a) pou moun kap fè lapriyè a; paske sa a se youn nan mwayen ki mennen nan 'Shirk' (bay Allah asosye).

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou moun fè lapriyè nan simityè yo, oswa nan mitan tonb yo, oswa nan direksyon yo, eksepte lapriyè antèman an, jan sa tabli nan Sounna a.

Entèdiksyon pou moun pa fè lapriyè nan direksyon tonb moun mouri, pou bloke chemen ki mennen nan peche "shirk" (adore lòt bagay nan plas Allah).

Islam entèdi egzajerasyon sou tonb yo, epi li entèdi tou pou yo manke yo dega; kidonk, pa dwe genyen ni eksè ni neglijans.

Respè ak diyite yon mizilman rete menm aprè lanmò li, daprè pawòl Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li): (Kase zo yon mò, se menm jan ak kase li pandan li vivan).

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 668) (972).

Plis (6)

توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.

لعبد الله البسام (2/ 30).

فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.

لمحمد العثيمين (1/ 522).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (4/ 285).