Skip to content

Vrèmanvre, Allah tabli obligasyon, donk pa neglije yo, epi Li mete limit, donk pa depase yo, epi Li entèdi kèk bagay, donk pa vyole yo, epi Li rete an silans sou kèk bagay kòm yon mizèrikòd pou nou, non pa paske Li bliye, donk pa chache fouye sou yo.

Daprè Abou Tha'labah Al-Khushani Jurthum bin Nashir (ke Allah satisfè de li), daprè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te di:

«Sètènman, Allah tabli obligasyon, donk pa negleje yo, epi Li fikse limit, donk pa depase yo, epi Li entèdi kèk bagay, donk pa vyole yo, epi Li rete an silans sou kèk bagay kòm mizèrikòd pou nou, se pa paske Li bliye, donk pa chèche fouye sou yo.»

«إِنَّ اللَّهَ فَرَضَ فَرَائِضَ فَلَا تُضَيِّعُوهَا، وَحَدَّ حُدُودًا فَلَا تَعْتَدُوهَا، وَحَرَّمَ أَشْيَاءَ فَلَا تَنْتَهِكُوهَا، وَسَكَتَ عَنْ أَشْيَاءَ رَحْمَةً لَكُمْ غَيْرَ نِسْيَانٍ فَلَا تَبْحَثُوا عَنْهَا».

Rapòte pa Ad-Daraqoutni nan Sunan li ak lòt moun.
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). »
Esplikasyon an

Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) fè konnen ke Allah rann kèk bagay obligatwa epi Li enpoze kèk devwa, kidonk respekte yo epi pa neglije yo swa nan abandone yo oswa nan pran yo alalejè. Epi Li etabli pou nou kèk limit ak restriksyon byen defini pou anpeche nou epi kenbe nou lwen sa ki pa fèl plezi, donk pa depase yo ale pi lwen pase sa relijyon an kòmande. Epi Li entèdi kèk bagay, donk pa komèt yo epi pa menm pwoche bò kote yo. Kanta pou tout sa ki rete yo, Li kite yo epi Li rete an silans sou yo kòm yon mizèrikòd pou sèvitè Li yo, kidonk yo rete pèmèt selon baz orijinal yo, donk pa fouye chèche dèyè yo.

Pami benefis Hadith la

Hadith lan se prèv ke Allah se li ki Sous kap etabli lwa, kidonk otorite kòmandman an se nan men li ye, li menm Granmèt la.

Hadith la gen ladanl règ Lalwa relijye yo, kit se kòm jijman kit se kòm sa ki pèmèt; paske jijman nan Lalwa relijye a se swa yon bagay yo pa di anyen sou li, oswa yon bagay yo pale sou li. Epi li se swa: yon lòd moun dwe swiv kòm obligasyon oswa kòm rekòmandasyon, oswa yon entèdiksyon moun pa dwe fè kòm yon bagay ki entèdi fòmèlman osinon ki deteste, oswa yon bagay ki pèmèt.

Ke sa Allah te rete an silans sou li, epi Li pa te rann li obligatwa, ni Li pa te fikse limit pou li, ni Li pa te entèdi li, se bagay ki pèmèt (Halal).

Bonjan eksplikasyon Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), jan li te prezante adis la ak divizyon sa a ki klè epi ki evidan.

Devwa pou prezève obligasyon Allah Trèwo a.

Entèdiksyon pou pa depase limit Allah (Toupwisan an) te fikse yo.

Referans yo.

Sounna Al-Daraqutni (4396).

Plis (4)

المعجم الكبير للطبراني (22/221).

جامع العلوم والحكم (ص617).

شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص309).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام (6/ 210).