Paradi a antoure pa bagay ki difisil (oswa bagay ki kontrè ak dezi nou), e Lanfè a antoure pa dezi (plezi ki pasaje).
Soti nan Abu Hurairah (se pou Allah satisfè avè l), Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Dife a kache dèyè dezi yo, epi Paradi a kache dèyè difikilte yo.»
«حُجِبَتِ النَّارُ بِالشَّهَوَاتِ، وَحُجِبَتِ الْجَنَّةُ بِالْمَكَارِهِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) montre nou ke Lanfè a antoure (li kouvri) pa bagay ke dezi kò a renmen, tankou fè sa ki entèdi (haram) oswa neglije obligasyon nou yo. Kidonk, moun ki fè pwòp tèt li swiv dezi li (pasyon li) nan sa; moun sa a merite lanfè, Epi, Paradi a antoure (li kouvri) pa bagay ke nanm nan pa renmen; tankou rete fèm nan fè sa Allah mande (obligasyon yo), kite sa ki entèdi, epi montre pasyans nan fè sa. Konsa, si yon moun fòse tèt li epi li fè efò (jihad) sou li poul fè sa, li merite antre nan Paradi a.
حُجبت: حُفت وأُحيطت.
Pami kòz ki fè moun tonbe nan dezi (ki entèdi), se lè Satan anbeli (fè parèt bèl) sa ki mal ak sa ki lèd, pou pwen ke nanm nan wè li kòm yon bagay ki bon, e konsa li panche (li atire) pou li.
Lòd pou nou rete lwen dezi ki entèdi (haram) yo; paske se yo ki chemen ki mennen nan Lanfè, epi (lòd pou nou gen) pasyans devan sa ki difisil; paske se sa ki chemen ki mennen nan Paradi a.
Merit (valè) batay kont tèt ou (li menm ki vle swiv move dezi), efò nan adorasyon, ak pasyans devan difikilte ak obstak ki antoure bon aksyon yo (adorasyon yo).
Sahih Al-Bukhari (8/ 102) (6487).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2174) (2822).
Sounna Abou Dawoud (7/ 122) (4744).
Sounna At-Tirmidhi (4/ 274) (2560).
Sounna An-Nasa'i (7/ 3) (3763).
Plis (10)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 449).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 87).
المنهاج شرح صحيح مسلم بن الحجاج.
للنووي (17/ 165).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 183).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخِن وغيره (1/ 134).