Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
«لَا تَحَاسَدُوا، وَلَا تَنَاجَشُوا، وَلَا تَبَاغَضُوا، وَلَا تَدَابَرُوا، وَلَا يَبِعْ بَعْضُكُمْ عَلَى بَيْعِ بَعْضٍ، وَكُونُوا عِبَادَ اللهِ إِخْوَانًا الْمُسْلِمُ أَخُو الْمُسْلِمِ، لَا يَظْلِمُهُ وَلَا يَخْذُلُهُ، وَلَا يَحْقِرُهُ التَّقْوَى هَاهُنَا» وَيُشِيرُ إِلَى صَدْرِهِ ثَلَاثَ مَرَّاتٍ «بِحَسْبِ امْرِئٍ مِنَ الشَّرِّ أَنْ يَحْقِرَ أَخَاهُ الْمُسْلِمَ، كُلُّ الْمُسْلِمِ عَلَى الْمُسْلِمِ حَرَامٌ، دَمُهُ، وَمَالُهُ، وَعِرْضُهُ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te rekòmande yon Mizilman pou li aji byen anvè frè Mizilman li a, epi li te eksplike kèk nan obligasyon ak bon kondwit li dwe genyen anvè yo; epi pami sa yo: Premye rekòmandasyon an: pa fè jalouzi youn sou lòt, kote youn ap swete pou benediksyon lòt la disparèt. Dezyèmman : Pa fè magouy sou pri (Najash). Sa vle di, lè yon moun ap fè pri yon machandiz monte pandan li pa gen okenn entansyon achtel ; men li fè sa sèlman nan lide poul avantaje machann nan, oubyen poul fè achtè a ditò. Twazyèm pwen an se: Pa rayi youn lòt, ki se volonte pou fè mal epi ki lekontrè Renmen (Mahabbah); eksepte si rayisab la se poutèt Allah ki Trè O a; nan ka sa a li se yon obligasyon. Katriyèmman : Pa vire do bay youn lòt. Sa vle di, kote chak moun ap bay frè li dol ansanm ak dèyè tèt li ; konsa, li inyorel nèt epi li koupe tout kontak avèl. Senkyèmman : Youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gate li. Sa vle di, se lè yon moun al jwenn yon kliyan ki achte (oubyen ki deja antann li poul achte) yon machandiz, epi li dil: "Mwen gen menm machandiz sa a kap koutew mwens lajan", oubyen "Mwen gen youn ki pi bon kalite pase sa a kap koutew menm pri a." Aprèsa , Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) bay yon gwo rekòmandasyon ki anglobe tout bagay, li di : "Epi se pou nou viv tankou frè", sa fèt lè nou kite tout move zak yo te entèdi pi wo yo, epi lè nou simen lanmou, dousè, konpasyon, jantiyès, ak tèt ansanm nan fè sa ki byen, tout pandan nou kenbe yon kè ki pwòp ansanm ak bay youn lòt bon konsèy sensè nan tout sitiyasyon. Epi pami egzijans fratènite sa a (oswa pami devwa li mande) : Pou li pa fè frè Mizilman li a enjistis, ni li pa atake li. Epi pou li pa kite frè Mizilman li a sibi enjistis pou li abandone li nan yon sitiyasyon kote li kapab ede li, epi retire enjistis la sou li. Epi li pa dwe meprizel, ni minimizel, ni gade li avèk yon zye k p devalorizel oswa ak deden ; epi konpòtman sa a se rezilta yon lògèy (awogans) ki chita nan kè moun nan. Aprèsa , Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te montre aklè 3 fwa, krentif pou Allah a (Taqwa) se nan kè li ye. Yon moun ki gen krentif sa a nan kè l , ki mande pou li gen yon bon konpòtman, poul gen krentif pou Allah, epi pou li toujou gen konsyans Allah ap gadel la ,moun sa a pap janm meprize yon mizilman. E li kont kòm yon gwo mechanste ak yon konpòtman ki ba anpil pou yon moun ta meprize frè mizilman li ; se yon bagay ki soti dwat nan lògèy li genyen anndan kè li. Apre sa, li menm (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konfime sa li te di anvan an, lè li deklare ke tout sa yon mizilman genyen sakre pou yon lòt mizilman : lavi li, kote yon moun pa gen dwa atake li pou touyel oswa pou fè li yon bagay ki mwens pase sa, tankou blesel, ba li kou, oswa yon lòt bagay menm jan an ; konsa tou pou byen li, kote yon moun pa dwe pran ladan yo nan men li san okenn dwa ; epi konsa tou pou onè li, kote yon moun pa dwe denigre pèsonn li oswa fanmi li.
Bay lòd pou nou pratike tout sa fratènite ki baze sou lafwa a egzije, epi entèdi tout sa ki ale kont li, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon.
Poto mitan krentif pou Allah a (Taqwa), se sak chita anndan kè a : konesans sou Allah, krentif pou Li, ansanm ak konsyans Li toujou ap gadew ; epi se Taqwa sa a menm ki bay bon zèv yo kòm rezilta.
Move konpòtman ak dezobeyisans ki parèt aklè sou deyò a, se prèv ki montre krentif pou Allah a (Taqwa) fèb anndan kè a.
Li entèdi nèt pou fè yon mizilman ditò sou kèlkeswa fòm nan, kit se nan pawòl oubyen nan aksyon.
Li pa rantre nan kad jalouzi a (Hasad) lè yon mizilman swete vin menm jan ak yon lòt moun, toutotan li pa swete pou byen sa a disparèt nan men lòt moun nan. Yo rele sa "Ghibtah" (admirasyon pozitif) ; se yon bagay ki pèmèt nan relijyon an epi ki ankouraje moun nan antre nan konpetisyon pou fè bon zèv.
Natirèlman, moun pa renmen pou okenn lòt moun pi siperyè pase yo nan zafè kalite ak avantaj. Donk, si li ta swete pou byen sa a disparèt nan men lòt moun nan, sa se move jalouzi (Hasad) ki kondane a. Men, si li pito vle antre nan konpetisyon poul rive nan nivo sa a tou, sa se admirasyon pozitif (Ghibtah) ki pèmèt la.
Li pa rantre nan entèdiksyon "youn pa dwe vin antre nan komès lòt la pou li gate li" lè yon moun montre yon achtè yo te fè yon gwo fwod (yo te twonpel anpil) nan sal sot achte a ; okontrè, sa fè pati egzijans pou bay bon konsèy sensè a (Nasiha). Men, sa dwe fèt avèk kondisyon pou entansyon li se bay frè kap achte a konsèy toutbonvre, e non pa chache fè machann nan ditò, paske valè zèv yo depann de entansyon yo.
Li pa rantre nan entèdiksyon "youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gate li" si 2 moun kap fè tranzaksyon yo poko tonbe dakò nèt, epi yo poko fikse yon pri definitif.
Li pa rantre nan kad rayisman ki entèdi nan Hadith lan : Rayi poutèt Allah a ; okontrè, sa se yon obligasyon, epi se youn nan lyen ki pi solid nan Lafwa a.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1986) (2564).
Plis (8)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
لإسماعيل الأنصاري (ص79).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص339).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
النووي وابن رجب (ص118).
الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله المحسن (ص67).
Cited in books
9 BooksPlis (9)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 7«بحَسْبِ امْرئٍ منَ الشَّرِّ أن يُحَقِّرَ أخَاهُ المُسلمَ».
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«المُسْلِمُ أَخُو المُسْلِمِ، لَا يَظْلِمُهُ وَلَا يَخْذُلُهُ، وَلَا يَحْقِرُهُ، التَّقْوَى هَاهُنَا -وَيُشِيرُ إِلَى صَدْرِهِ ثَلَاثَ مَرَّاتٍ- بِحَسْبِ امْرِئٍ مِنَ الشَّرِّ أَنْ يَحْقِرَ أَخَاهُ المُسْلِمَ، كُلُّ المُسْلِمِ عَلَى المُسْل
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«كُلُّ المُسْلِمِ عَلَى المُسْلِمِ حَرَامٌ، دَمُهُ، وَمَالُهُ، وَعِرْضُهُ» [133].
- قاموس الكبائر«المُسْلِمُ أَخُو المُسْلِمِ، لَا يَظْلِمُهُ وَلَا يَخْذُلُهُ، وَلَا يَحْقِرُهُ، التَّقْوَى هَاهُنَا -وَيُشِيرُ إِلَى صَدْرِهِ ثَلَاثَ مَرَّاتٍ- بِحَسْبِ امْرِئٍ مِنَ الشَّرِّ أَنْ يَحْقِرَ أَخَاهُ المُسْلِمَ، كُلُّ المُسْلِمِ عَلَى المُسْل
- مباحث في أصول الدين1«لا تحاسدوا، ولا تناجشوا، ولا تباغضوا، ولا تدابروا، ولا يبع بعضكم على بيع بعض، وكونوا عباد الله إخوانا، المسلم أخو المسلم، لا يظلمه، ولا يخذله، ولا يحقره. التقوى ها هنا -ويشير إلى صدره ثلاث مرات- بحسب امرئ من الشر أن يحقر أخاه المسلم، كل ال
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- «بِحَسْبِ امْرِئٍ مِنَ الشَّرِّ أَنْ يَحْقِرَ أَخَاهُ الْمُسْلِمَ»
- مجموعة زاد الفقه (4)«لا يَبِعْ بَعْضُكُمْ على بَيْعِ بَعْضٍ».
- مشروع منهاج زادكزادك معلم 3« لَا يَبِعْ بَعْضُكُمْ عَلى بَيْعِ بَعْضٍ»،
- مشروع منهاج زادكزادك 3 طالب نهائي«لَا يَبِعْ بَعْضُكُمْ عَلى بَيْعِ بَعْضٍ»