Skip to content

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Mwen divize lapriyè a an de mwatye ant mwen menm ak sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sa li mande a. Allah toupwisan an di: Mwen pataje lapriyè a ant mwen menm ak sèvitè m nan an 2 pati, epi sèvitèm lan ap jwenn sa li mande a.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l): Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

« Allah Toupwisan an di: "Mwen pataje lapriyè a an 2 pati ant mwen menm ak sèvitè mwen an, e sèvitè mwen an ap jwenn sal mande a. Lè sèvitè a di: {Al-Hamdulillahi Rabbil 'alamin} (Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a), Allah di: Sèvitè mwen an fè lwanj pou mwen. Lè li di: {Ar-Rahmanir Rahim} (Toupwisan an, Toumizerikòdyè a), Allah di: Sèvitè mwen an rekonèt pèfeksyon mwen. Lè li di: {Maliki yawmid-din} (Mèt jou jijman an), Li di: Sèvitè mwen an glorifye mwen" epi yon fwa li te di: "Sèvitè mwen an remèt tout otorite nan men mwen", "Lè li di: {Iyyaka na'budu wa iyyaka nasta'in} (Se ou sèlman nou adore, epi se nan ou sèlman nou chèche èd), Li di: Sa a se ant mwen menm ak sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sal mande a. Lè li di: {Ihdinas-siratal moustaqim, siratal ladzina an'amta 'alayhim, ghayril maghdoubi 'alayhim waladdallin} (Gide nou sou wout dwat la, wout moun ou te fè favè yo, pa wout moun ou fache kont yo a, ni wout moun ki egare yo), Li di: Sa a se pou sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sa li mande a." »

«قَالَ اللهُ تَعَالَى: قَسَمْتُ الصَّلَاةَ بَيْنِي وَبَيْنَ عَبْدِي نِصْفَيْنِ، وَلِعَبْدِي مَا سَأَلَ، فَإِذَا قَالَ الْعَبْدُ: {الْحَمْدُ لِلهِ رَبِّ الْعَالَمِينَ}، قَالَ اللهُ تَعَالَى: حَمِدَنِي عَبْدِي، وَإِذَا قَالَ: {الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ}، قَالَ اللهُ تَعَالَى: أَثْنَى عَلَيَّ عَبْدِي، وَإِذَا قَالَ: {مَالِكِ يَوْمِ الدِّينِ}، قَالَ: مَجَّدَنِي عَبْدِي، -وَقَالَ مَرَّةً: فَوَّضَ إِلَيَّ عَبْدِي-، فَإِذَا قَالَ: {إِيَّاكَ نَعْبُدُ وَإِيَّاكَ نَسْتَعِينُ}، قَالَ: هَذَا بَيْنِي وَبَيْنَ عَبْدِي وَلِعَبْدِي مَا سَأَلَ، فَإِذَا قَالَ: {اهْدِنَا الصِّرَاطَ الْمُسْتَقِيمَ، صِرَاطَ الَّذِينَ أَنْعَمْتَ عَلَيْهِمْ غَيْرِ الْمَغْضُوبِ عَلَيْهِمْ وَلا الضَّالِّينَ}، قَالَ: هَذَا لِعَبْدِي وَلِعَبْدِي مَا سَأَلَ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

« Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen Allah Toupwisan an te di nan yon Hadith Qudsi: Mwen pataje sourat Al-Fatiha a an 2 pati nan lapriyè a ant mwen menm ak sèvitè mwen an; mwatye a pou mwen, epi mwatye a pou sèvitè mwen an. » Konsa, premye mwatye a se louwanj, rekonesans pou pèfeksyon li, ak glwa pou Allah ,kote map rekonpanse li pou sa avèk pi bon rekonpans la. Epi dezyèm mwatye a se siplikasyon ak lapriyè; map reponn li, e map ba li sal mande a. « Konsa, lè moun kap lapriyè a di: {Al-Hamdulillahi Rabbil 'alamin} (Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a), Allah di: "Sèvitè mwen an fè lwanj pou mwen." Lè li di: {Ar-Rahmanir Rahim} (Toupwisan an, Toumizerikòdyè a), Allah di: "Sèvitè mwen an fè louwanj pou mwen, li felisite mwen, epi li rekonèt mwen se Moun ki bay tout kreyati mwen yo benediksyon." Lè li di: {Maliki yawmid-din} (Mèt jou jijman an), Allah di: "Sèvitè mwen an glorifye mwen," epi sa se yon onè ki gran anpil. » Epi lè li di: {Se Ou menm sèl nou adore, e se Ou menm sèl nou mande sekou}, Allah di: Sa a se ant mwen menm ak sèvitè mwen. Konsa, premye pati nan vèsè sa a se pou Allah, sètadi: {Iyyaka na'budu} (Se ou sèlman nou adore). Sa a se yon rekonèsans pou divinite Allah ak yon angajman pou adorel. Se la premye mwatye a ki pou Allah a fini. Epi dezyèm pati nan vèsè a se pou sèvitè a, sètadi: {Iyyaka nasta'in} (Se nan ou sèlman nou chèche èd). Se yon demann pou èd Allah, avèk pwomès li pou li pote sekou. Konsa, lè li di: {Gide nou sou chemen dwat la, chemen moun ou te vide benediksyon sou yo a, se pa chemen moun ki rale kòlè Ou sou yo, ni chemen moun ki pèdi wout yo nèt}, Allah di: Sa a se yon siplikasyon ak yon 'Dua' (lapriyè/mande sekou) ki soti nan sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sa li mande a, epi Mwen deja reponn lapriyè li a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li enpòtan anpil pou nou rekonèt valè Sourat Al-Fatiha, paske Allah Toupwisan an bay li non "As-Salat" (Lapriyè a).

Sa montre jan Allah Toupisan an pran swen sèvitè li a, paske li felisite sèvitè a poutèt li fè lwanj pou li, li rekonèt pèfeksyon li, epi li glorifye li; anplis, li pwomèt sèvitè a lap ba li sal mande a.

Sourat sa a ki gen anpil valè a genyen ladan li louwanj pou Allah, rapèl sou jou jijman an, lapriyè bay Allah, fè adorasyon an ak tout senserite pou Li sèl, mande gidans pou rive sou chemen dwat la, epi li bay avètisman kont move chemen yo.

Lè moun kap lapriyè a santi sans Hadith sa a , pandan lap resite Sourat Al-Fatiha—sa ogmante nivo konsantrasyon ak respè li genyen nan lapriyè a.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 296) (395).

Plis (4)

إكمال المعلم (2/275).

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (2/ 27).

شرح النووي على مسلم (4/103).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (9/ 232) (9/ 253).