Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
« Allah Toupwisan an di: "Mwen pataje lapriyè a an 2 pati ant mwen menm ak sèvitè mwen an, e sèvitè mwen an ap jwenn sal mande a. Lè sèvitè a di: {Al-Hamdulillahi Rabbil 'alamin} (Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a), Allah di: Sèvitè mwen an fè lwanj pou mwen. Lè li di: {Ar-Rahmanir Rahim} (Toupwisan an, Toumizerikòdyè a), Allah di: Sèvitè mwen an rekonèt pèfeksyon mwen. Lè li di: {Maliki yawmid-din} (Mèt jou jijman an), Li di: Sèvitè mwen an glorifye mwen" epi yon fwa li te di: "Sèvitè mwen an remèt tout otorite nan men mwen", "Lè li di: {Iyyaka na'budu wa iyyaka nasta'in} (Se ou sèlman nou adore, epi se nan ou sèlman nou chèche èd), Li di: Sa a se ant mwen menm ak sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sal mande a. Lè li di: {Ihdinas-siratal moustaqim, siratal ladzina an'amta 'alayhim, ghayril maghdoubi 'alayhim waladdallin} (Gide nou sou wout dwat la, wout moun ou te fè favè yo, pa wout moun ou fache kont yo a, ni wout moun ki egare yo), Li di: Sa a se pou sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sa li mande a." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Piga nou fè kay nou yo tounen tonb, anverite, Satan kouri soti nan kay kote yo li Sourat Al-Baqarah a».
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la te mande: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "Allah ak Mesaje Li a pi konnen." Li poze kesyon an ankò: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "{Allah, pa gen lòt dye ki sanble ak Li,Li se Lavi ,Sila a ki soutni tout bagay} [Al-Baqarah: 255]." Lè sa a, li frape mwen lejèman sou lestomak epi li di: "Mwen fè sèman sou Allah, konesans lan ap fèw anpil byen, o Aboul-Moundhir!" »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze), chak swa lèl ta pral kouche, li te konn mete 2 pla men li yo ansanm, li te soufle ladan yo, epi li te resite ladan yo: {Di: Li menm Allah, Youn nan}, {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki kreye douvanjou a}, ak {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki soumèt lèzòm yo}. Aprèsa, li te pase men li sou tout pati nan kòl li te kapab rive touche. Li te konn kòmanse sou tèt li, sou figi li, ak sou devan kò li. Li te konn fè sa 3 fwa.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Nenpòt moun ki li 2 dènye vèsè nan chapit "Sourat Al-Baqarah yo" pandan lannwit, 2 vèsè sa yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li