Lè moun yo wè yon moun kap fè enjistis epi yo pa anpechel , Allah prèt poul frape yo tout nèt ak yon pinisyon ki soti nan Li.
Daprè Abu Bakr As-Siddiq, se pou Allah satisfè avè l, li te di: O nou menm moun yo, an verite nap li vèsè sa a: {O nou menm ki kwè! Veye sou pwòp tèt nou. Moun ki egare yo pap ka fè nou okenn mal si nou menm nou byen gide}. Epi an verite, mwen te tande Mesaje Allah a, lapè ak benediksyon Allah sou li, kap di:
«Anverite, lè moun yo wè yon moun ki enjis epi yo pa anpechel, li pap pran tan pou Allah kouvri yo tout ak yon chatiman ki soti nan Li.»
«إِنَّ النَّاسَ إِذَا رَأَوْا الظَّالِمَ فَلَمْ يَأْخُذُوا عَلَى يَدَيْهِ أَوْشَكَ أَنْ يَعُمَّهُمُ اللَّهُ بِعِقَابٍ مِنْهُ».
Abu Bakr As-Siddiq (se pou Allah satisfè avè l) fè konnen ke moun yo ap li vèsè sa a : {O nou menm ki kwè, se pou nou veye sou tèt nou. Moun ki pèdi wout li pap fè nou okenn mal si nou chwazi chemen ki dwat la} [Al-Ma'idah: 105]. Epi yo konprann nan sa a se kòmsi yon moun dwe sèlman chèche korije pwòp tèt li, epi ke pèdisyon moun ki pèdi a pap fèl anyen aprèsa, epi tou ke yo pa oblije ankouraje sa ki bon ni anpeche sa ki mal! Konsa, li te fè yo konnen ke sa pat konsa, epi li te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di: Sètènman, si moun yo wè yon moun kap fè lenjistis epi yo pa anpechel nan lenjistis li a, alòske yo gen kapasite pou yo anpeche li, li pa lwen pou Allah kouvri yo tout anba yon pinisyon ki soti nan Li: ni moun ki fè move zak la, ni moun ki rete an silans devan li a.
Devwa mizilman yo se konseye youn lòt, òdone sa ki byen, epi entèdi sa ki mal.
Pinisyon jeneral Allah a anglobe moun ki fè enjistis la poutèt enjistis li a, epi li anglobe moun ki rete an silans san li pa kondane sa, si li te gen kapasite pou li kondanel.
Anseye piblik la epi fè yo konprann tèks Koran yo nan fason ki kòrèk la.
Yon moun dwe pran anpil swen pou li byen konprann Liv Allah Toupwisan an, pou li pa konprann li yon fason ki diferan de sa Allah vle a.
Vrè gidans lan pa ka reyalize si yon moun abandone devwa li pou ankouraje sa ki bon ak anpeche sa ki mal.
Bon eksplikasyon pou vèsè a se sa a: Veye sou tèt nou pou nou pa fè peche; si nou pwoteje pwòp tèt nou, pèdisyon moun kap fè peche yo pap fè nou anyen si nou pa gen mwayen pou nou ankouraje sa ki byen epi anpeche sa ki mal, depi nou menm nou sou bon chemen an lè nou rete lwen sa ki entèdi yo.
Sounna At-Tirmidhi (4/ 40) (2168).
Sounna Abou Dawoud (6/ 393) (4338).
As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (10/ 88) (11092).
Sounna Ibn Majah (5/ 139) (4005).
Mousnad Ahmad (1/ 197) (16).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 286).
كنوز رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (4/ 126).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 454).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 218).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«إنَّ النَّاسَ إذَا رَأوُا الظَّالِمَ، فَلَمْ يَأْخُذُوا عَلَىٰ يَدَيْهِ أَوْشَكَ أَنْ يَعُمَّهُمُ اللهُ بِعِقَابٍ مِنْهُ».
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«إِنَّ النَّاسَ إِذَا رَأَوْا ظَالِمًا، فَلَمْ يَأْخُذُوا عَلَى يَدَيْهِ أَوْشَكَ أَنْ يَعُمَّهُمُ اللَّهُ بِعِقَابٍ مِنْهُ» [145].
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) «إِنَّ النَّاسَ إِذَا رَأَوْا ظَالِمًا، فَلَمْ يَأْخُذُوا عَلَى يَدَيْهِ أَوْشَكَ أَنْ يَعُمَّهُمُ اللَّهُ بِعِقَابٍ مِنْهُ»