Skip to content

Mwen te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Ki peche ki pi gran bò kote Allah? Li te di: Se pou ou mete yon egal-ego pou Allah(si ou bay Allah yon asosye ) alòske se Li menm ki te kreye ou.

Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Mwen te mande Pwofèt la (ke benediksyon ak lapè Allah sou li): "Ki peche ki pi grav nan zye Allah?" Li di: "Se pouw mete yon egal ak Allah [ asosye], alòske se Li menm ki kreye w." Mwen di: "Sevre, sa a grav anpil!" Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw touye pitit ou ak anvi kache poul pa manje avèw [sètadi ak laperèz pou li pa vin konsome nan rasyon ou an]." Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw fè adiltè ak madanm vwazen ou."

سَأَلْتُ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: أَيُّ الذَّنْبِ أَعْظَمُ عِنْدَ اللهِ؟ قَالَ: «أَنْ تَجْعَلَ لِلهِ نِدًّا وَهُوَ خَلَقَكَ» قُلْتُ: إِنَّ ذَلِكَ لَعَظِيمٌ، قُلْتُ: ثُمَّ أَيُّ؟ قَالَ: «وَأَنْ تَقْتُلَ وَلَدَكَ؛ تَخَافُ أَنْ يَطْعَمَ مَعَكَ» قُلْتُ: ثُمَّ أَيُّ؟ قَالَ: «أَنْ تُزَانِيَ حَلِيلَةَ جَارِكَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Lè yo te poze Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon sou pi gwo peche yo, li te di: Pi gwo ladan yo se gwo asosyasyon (Shirk Akbar), epi li se: lè ou mete yon egal oswa yon parèy pou Allah nan divinite Li, nan pouvwa Li kòm sèl Mèt la, oswa nan non ak kalite Li yo. Epi se peche sa a Allah Toupwisan an pap padone sof si gen repantans. Epi si moun ki fèl la mouri sou li, lap rete nan dife lanfè pou tout tan gen tan. Answit, lè yon moun touye pitit li paske li pè poul pa manje avè li, epi touye yon nanm se yon bagay ki entèdi, men peche a vin pi gwo si moun yo touye a se yon pwòch fanmi moun ki touyel la, epi peche a vin pi gwo tou lè entansyon moun kap touye a se laperèz pou moun yo touye a pa pataje nan pwovizyon Allah ansanm avè l. Aprèsa , se lè yon gason fè adiltè ("Zina") avèk madanm vwazen li, nan chache twonpe epi sedwi madanm vwazen li an jiskaske li rive fè adiltè avè li, epi fanm nan vin soumèt devan li, Epi adiltè (Zina) entèdi, men gravite peche a vin pi plis si fanm li fè adiltè avèl la se madanm vwazen li, sila a lalwa mande pou nou fè byen avèl, pou nou aji byen avèl, epi pou nou viv byen avèk li.

Siyifikasyon mo yo

......:

Pami benefis Hadith la

Peche yo diferan nan nivo gravite yo, menm jan bon aksyon yo diferan nan nivo valè yo.

Pi gwo nan tout peche yo se: bay Allah Toupwisan an asosye, aprèsa se touye pitit ou paske ou pè pou li pa manje ansanm avèk ou, aprèsa se fè adiltè avèk madanm vwazen ou.

Fòs ak mwayen pou viv (pwovizyon) se nan men Allah yo ye, epi se Li menm ki pran reskonsablite pou li bay tout kreyati yo sa yo bezwen pou yo viv (pwovizyon).

Anpil enpòtans dwa vwazen an, ak lefèt ke fèl mal pi grav pase fè nenpòt lòt moun mal.

Kreyatè a se Li menm sèl ki merite tout adorasyon, Li pa gen okenn asosye.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 18) (4477).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 90) (86).

Plis (5)

شرح النووي على مسلم (2/ 79).

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 288).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 335).