Skip to content

Sètènman, Allah pa fè yon moun ki gen lafwa enjistis pou yon bon aksyon, yap ba li byen pou sa nan lavi sa a, epi lap jwenn rekonpans pou sa nan Lòt mond lan.

Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Sètènman, Allah pa fè kwayan an enjistis pou yon bon aksyon, yap ba li rekonpans pou li sou tè a, epi lap jwenn rekonpans pou li nan lòt lavi a. Men, kanta pou moun ki pa kwè a, yap nouri li daprè bon aksyon li te fè pou Allah sou tè a, jiskaske lè li rive nan lòt lavi a, li pap gen okenn bon aksyon pou li jwenn rekonpans pou li.»

«إِنَّ اللهَ لَا يَظْلِمُ مُؤْمِنًا حَسَنَةً، يُعْطَى بِهَا فِي الدُّنْيَا وَيُجْزَى بِهَا فِي الْآخِرَةِ، وَأَمَّا الْكَافِرُ فَيُطْعَمُ بِحَسَنَاتِ مَا عَمِلَ بِهَا لِلَّهِ فِي الدُّنْيَا، حَتَّى إِذَا أَفْضَى إِلَى الْآخِرَةِ، لَمْ تَكُنْ لَهُ حَسَنَةٌ يُجْزَى بِهَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) rakonte klèman gwo favè Allah anvè kwayan yo, ak jistis Li anvè Mekreyan(enkredil yo) yo. Kanta pou moun ki gen lafwa a, rekonpans pou yon bon aksyon li fè pap diminye; okontrè, yo ba li sa ki byen nan lavi sa a poutèt obeyisans li, ansanm ak sa yo sere pou li kòm rekonpans nan lavi aprè lanmò a; epi pafwa, yo ka konsève tout rekonpans lan nèt pou li nan lavi aprè lanmò a. Epi kanta pou moun ki nye lafwa a, Allah ap ba li rekonpans pou bon aksyon li te fè yo avèk bon bagay nan mond sa a, jiskaske lè li rive nan lavi aprè a, li pap gen okenn rekonpans ladan li pou yo ba li; paske pou yon bon aksyon itil ni nan mond sa a, ni nan lavi aprè a, fòk moun ki fèl la se yon moun ki gen lafwa.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Nenpòt moun ki mouri ki pat kwayan (nye lafwa), okenn aksyon pap itil li.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2162) (2808).

Plis (3)

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 460).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (43/ 460).

شرح النووي على مسلم (17/150).