Skip to content

Moun ki mouri san li pa mete anyen ansanm ak Allah; moun sa a ap antre nan Paradi a, epi moun ki mouri pandan lap mete yon bagay ansanm ak Allah; moun sa a ap antre nan Lanfè.

Daprè Jabir, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, ki 2 bagay ki garanti (Paradi ak Lanfè) yo?" Li reponn: «Moun ki mouri san li pa fè chirk, san li pa mete anyen ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi, epi moun ki mouri pandan lap fè chirk, ki mete yon bagay ansanm ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.»

أَتَى النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ رَجُلٌ فَقَالَ: يَا رَسُولَ اللهِ، مَا الْمُوجِبَتَانِ؟ فَقَالَ: «مَنْ مَاتَ لَا يُشْرِكُ بِاللهِ شَيْئًا دَخَلَ الْجَنَّةَ، وَمَنْ مَاتَ يُشْرِكُ بِاللهِ شَيْئًا دَخَلَ النَّارَ»

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Yon mesye te mande Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan 2 bagay yo: sa ki fè moun antre nan Paradi, ak sa ki fè moun antre nan lanfè? Konsa, li (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te reponn li: ke kalite ki fè yon moun merite Paradi a se lè yon moun mouri pandan li ap adore Allah sèlman, epi li pa ba Li okenn asosye nan anyen, Epi aksyon ki fè yon moun ale nan Lanfè a, se lè yon moun mouri pandan lap bay Allah asosye nan nenpòt bagay, konsa li mete oubyen li bay Allah yon asosye nan Divinite Li, oswa nan kalite Li kòm Seyè, oswa nan non Li yo ak atribi Li yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Merit Inisite Allah, epi moun ki mouri kòm kwayan san li pa asosye anyen ak Allah ap antre nan Paradi.

Danje Chirk la, epi moun ki mouri pandan lap bay Allah asosye ak nenpòt bagay; moun sa a ap antre nan lanfè.

Moun ki fè peche men ki kwè nan inikite Allah , sò yo nan men Allah: si Li vle, Li ka pini yo, epi si Li vle, Li ka padone yo. Aprèsa , destinasyon final yo se nan Paradi a.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 94) (93).

Plis (4)

إكمال المعلم بفوائد مسلم (1/ 363).

شرح النووي على مسلم (2/96) المفهم للقرطبي (1/290).

تطريز رياض الصالحين (ص 281).

الكوكب الوهاج شرح صحيح مسلم بن الحجاج (3/63).