Skip to content

"Pami sa moun yo te kenbe nan ansèyman premye pwofèt yo (ki te rive rive jis jodi a), se pawòl sa a: 'Si ou pa gen wont (menm), fè sa ou vle.'"

Daprè Abou Masoud (ke Allah satisfè de li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

​"Pami sa moun yo te kenbe nan ansèyman premye pwofèt yo (ki te rive rive jis jodi a), se pawòl sa a: 'Si ou pa gen wont (menm), fè sa ou vle.'"

«إِنَّ مِمَّا أَدْرَكَ النَّاسُ مِنْ كَلاَمِ النُّبُوَّةِ الأُولَى: إِذَا لَمْ تَسْتَحْيِ فَاصْنَعْ مَا شِئْتَ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke pami rekòmandasyon ki te soti nan men Pwofèt ki te vin anvan yo, ke moun yo te pataje youn ak lòt epi yo te eritye de yo syèk aprè syèk, jiskaske li te rive jwenn premye jenerasyon Kominote sa a: Gade sa ou vle fè a, si se yon bagay ki pa fèw gen wont, fè li, epi si se yon bagay ki fèw gen wont, kitel; paske sa ki anpeche moun fè move zak se respè ak wont pou sa ki mal, kidonk moun ki pa gen respè ak wont pou sa ki mal, ap lage kò li nan tout kalite bagay ki grosye ak sa ki mal.

Pami benefis Hadith la

"Wont (pudè) se fondasyon tout bon moralite."

Wont (pudè) se youn nan kalite pwofèt yo (lapè sou yo), epi li se yon ansèyman (oswa yon karakteristik) ki te transmèt depi nan men yo.

Diyite ak respè (Al-Haya') se sa ki fè yon moun ki Mizilman fè sa ki bèl epi ki metel an valè, epi li evite sa ki sal ak sa ki fè moun wont.

Al-Nawawi di: 'Lòd ki nan fraz la se pou bay pèmisyon (ibahah), sa vle di: Si ou vle fè yon bagay, si se yon bagay ou pa wont fè ni devan Allah ni devan moun, fèl. Si ou wont, pa fè li. Se sou prensip sa a tout Islam nan chita. Esplikasyon sa a sèke: bagay yo kòmandew fè yo (sa ki obligatwa ak sa ki rekòmande), youn dwe wont si li pa fè yo; epi bagay yo entèdiw yo (sa ki haram ak sa ki makruh), youn dwe wont si li fè yo. Kanta pou sa ki pèmèt (mubah), li nòmal pou ou santi ou ka fèl oswa ou ka pa fè li san ou pa wont. Kidonk, hadis la kouvri 5 kategori aksyon yo (obligatwa, rekòmande, pèmèt, dezakò, entèdi).'" "Gen lòt moun ki di: 'Lòd la se yon menas', e sans li se: Si ou pèdi wont ou, fè sa ou vle; paske Allah ap ba ou rekonpans pou sa ou fè a (li ap jije w). Gen lòt ankò ki di: 'Lòd la gen sans yon enfòmasyon', sa vle di: Nenpòt moun ki pa gen wont, lap fè sa li vle.'"

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 29) (6120).

Plis (6)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 1252).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص1045).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (6/ 656).