Satan ap vini jwenn youn nan nou epi lap mande: "Ki moun ki kreye sa? Ki moun ki kreye sa?" Jiskaskel rive poze kesyon an: "Ki moun ki kreye Seyè ou a?" Lèl rive nan pwen sa a, se pou moun nan chèche pwoteksyon bò kote Allah, epi se poul sispann panse sa a.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Satan ap vin jwenn youn nan nou, epi li di: Kilès ki kreye tèl bagay? Kilès ki kreye tèl bagay? Jiskaske li di: Kilès ki kreye Seyè ou a? Epi si li ta rive nan pwen sa a, enben se pou li chache pwoteksyon nan men Allah, epi se pou li sispann.»
«يَأْتِي الشَّيْطَانُ أَحَدَكُمْ فَيَقُولُ: مَنْ خَلَقَ كَذَا؟ مَنْ خَلَقَ كَذَا؟ حَتَّى يَقُولَ: مَنْ خَلَقَ رَبَّكَ؟ فَإِذَا بَلَغَهُ فَلْيَسْتَعِذْ بِاللهِ وَلْيَنْتَهِ».
Mesaje Allah a (ke Allah benil epi bal kè poze) montre nou remèd efikas pou kesyon Satan ap chichote nan kè yon kwayan (pou simen dout). Epi Satan di: Kilès ki kreye sa? Kilès ki kreye sa? Kilès ki kreye syèl la? Epi kilès ki kreye tè a? Epi, kwayan an reponn li daprè relijyon li, nati imen li, ak lespril, lè li di: Allah, Men, Satan pa rete nan limit chichotman sa yo sèlman, okontrè li ale pi lwen jiskaske li di: Kiyès ki kreye senyè,Mèt ou? Lè sa a, kwayan an rejte kalite move lide sa yo avèk 3 mwayen: Ak lafwa nan Allah. Ak chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan. Epi sispann swiv move lide sa yo.
...:
Vire do bay vye lide Satan yo ansanm ak move panse li yo, epi pa rete ap reflechi sou yo, epi kouri jwenn Allah Granmèt la poul retire yo.
Tout sa ki vin nan kè yon moun kòm move lide ki kontrè ak lwa relijyon an, enben li soti nan men Satan.
Entèdiksyon pou reflechi sou esans (nati) Allah, ak ankourajman pou medite sou kreyati Li yo ak siy ki nan linivè a.
Sahih Al-Bukhari (4/ 123) (3276).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 120) (134).
Plis (5)
إكمال المعلم (1/432).
المفهم (1/345).
فتح الباري (6/ 340).
طرح التثريب (8/163).
بهجة قلوب الأبرار (ص 27).