Anverite, ruqya (sòf sila yo ki baze sou Koran ak lapriyè ki pèmèt), tamā'im (talisman), ak tīwalah (sò nan renmen) se chirk (bay Allah asosye).
Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè avèk li) , li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:
«Anverite, enkantasyon yo, talisman yo, ak wanga lanmou yo se bay Allah asosye (Chirk).»
«إنَّ الرُّقَى والتَمائِمَ والتِّوَلَةَ شِرْكٌ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre kèk bagay ki fè pati Chirk lè yon moun fè yo; epi pami yo genyen: Premyèman: Ruqyah (cham pou gerizon): Se pawòl moun nan epòk inyorans yo (Jahiliyyah) te konn sèvi pou chache gerizon, ki gen asosyasyon (Shirk) ladan li. Dezyèmman: Tama'im (amilèt) ki fèt an pèl oswa lòt materyèl ki sanble avèl: ke yo pann sou timoun, bèt, ak lòt ankò pou repouse move zèy. Twazyèmman: Tiwalah: se sa ki fèt pou fè youn nan 2 Moun youn renmen lòt la. Bagay sa yo fè pati Chirk; paske se fè yon bagay tounen yon kòz, alòske li pa yon kòz daprè Lalwa relijye a ki tabli avèk prèv, ni li pa yon kòz daprè sans ki pwouve pa eksperyans. Kanta pou mwayen ki otorize yo, tankou li Koran an, oswa mwayen fizik yo tankou medikaman ki pwouve atravè kèk eksperyans, yo pèmèt, depi ou kwè se mwayen sèlman yo ye, e ke se nan men Allah sèlman benefis ak mal ye.
Pwoteje Inite Allah a (Tawid) ak kwayans lan kont tout sa ki ka gate yo.
Entèdiksyon pou itilize ruqya ki gen chirk (bay Allah asosye), talisman, ak sò nan renmen.
Si yon moun kwè 3bagay sa yo se mwayen ki mache, sa se yon chirk minè (ti asosyasyon), paske li konsidere kòm yon mwayen sa ki pa tèlman ye. Men, si li kwè yo gen pouvwa pou yo pote byenfè oswa mal lakoz tèt yo, sa se yon chirk majè (gwo asosyasyon).
Avètisman kont sèvi ak mwayen ki gen rapò ak bay Allah asosye (Shirk) ansanm ak sa ki entèdi yo.
Entèdiksyon sou enkantasyon (Ruqyah) yo ak lefètke yo fè pati Shirk, eksepte sa ki pèmèt (halal) ladan yo daprè Lwa Allah yo.
Yon moun dwe atache kèl ak Allah sèlman, paske se nan Li menm mal ak byen soti, Li sèl, li pa gen asosye. Konsa, pa gen pèsonn ki ka pote byen esepte Allah, epi pa gen pèsonn ki ka repouse malè esepte Allah, Trèwo a.
Ruqyah ki pèmèt yo se sa yo ki gen 3kondisyon sa yo ladan yo: 1- Moun nan dwe kwè ke li se sèlman yon mwayen, epi li pa itil anyen si se pa avèk pèmisyon Allah. 2- Li dwe fèt ak vèsè Koran an, non Allah yo ak kalite Li yo, priyè Pwofèt la, ansanm ak priyè lalwa Islamik otorize. 3- Li dwe nan yon lang moun ka konprann, epi li pa dwe gen ladan li okenn talisman ak pratik sòsèlri.
Sounna Abou Dawoud (6/ 31) (3883).
Sounna Ibn Majah (4/ 554) (3530).
Mousnad Ahmad (6/ 110) (3615).
Plis (6)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص91).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص79).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 180).