Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

49 of 477 cards

Clear filters
"«Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap ban nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo: yo soti nan maten ak vant vid epi yo tounen nan aswè ak vant plen.»"
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Gen lakrentif pou Allah, Seyè nou an, akonpli 5 priyè nou yo, fè jèn nan mwa nou an, peye zakat sou byen nou yo, epi obeyi moun ki gen otorite sou nou yo; konsa nap antre nan Paradi Seyè nou an.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
« Allah pral distenge (sove,libere) yon Mesye ,(yon gason) nan kominotem nan devan tout kreyati yo jou Jijman an. Lap dewoule 99 rejis devan li, chak rejis long tankou distans zye ka wè. Aprèsa , Allah ap mande li: "Èskèw demanti anyen nan sa yo? Èske zanj ki ekri aksyon ou yo te fèw enjistis?" Mesye a nan ap reponn: "Non, Seyè." Allah ap mandel: "Èskew gen nenpòt eskiz?" Lap reponn: "Non, Seyè." Lè sa a, Allah ap dil : "Wi, ou gen yon bon aksyon bò kote nou, epi jodi a ou pap sibi okenn enjistis." Yo pral soti yon ti kat ki gen ekri ladan li: Mwen temwaye pa gen lòt dye eksepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak Mesaje li. Allah ap di: "Prezante pou yo peze aksyon ou yo." Mesye a ap di: "Seyè, kisa ti kat sa a ye devan tout rejis sa yo?" Senyè toupwisan an ap reponn: "Wap jwenn jistis." Yo pral mete rejis yo nan yon bò balans lan, epi ti kat la nan lòt bò a. Rejis yo pral vole anlè (yo pral vin pi lejè), epi ti kat la pral peze pi lou, paske pa gen anyen ki pi lou pase non Allah. »
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«2 pye yon sèvitè pap deplase nan Jou Jijman an jouk yo poze li kesyon sou lavi li, nan kisa li te pase li, ak sou konesans li, kisa li te fè ak li, ak sou byen li, ki kote li te jwenn li epi nan kisa li te depanse li, ak sou kò li, nan kisa li te itilize li».
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Yon jou mwen te dèyè Mesaje Allah a (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), li dim konsa: « Ti gason, mwen pral montrew kèk pawòl : Toujou sonje Allah, Allah ap pwotejew. Toujou sonje Allah, wap jwenn Li bò kote w. Si wap mande, mande Allah. Siw bezwen sekou, chache sekou nan men Allah. Epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew. Plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch. »
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
«Lè Allah dekrete pou yon sèvitè mouri sou yon tè, Li fèl gen yon bezwen poul ale ladan li.»
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Allah bay yon egzanp: yon chemen dwat. Sou tou 2 bò chemen an, gen 2 miray. Nan miray sa yo, gen pòt ki louvri, epi sou pòt yo, gen rido ki pandye (ki kouvri yo). Nan antre chemen an, gen yon moun kap rele kap di: "O nou menm moun yo, antre nan chemen an ansanm, epi pa detounen (pa kite wout la)." Epi gen yon lòt moun kap rele depi anwo chemen an; chak fwa yon moun vle louvri youn nan pòt sa yo, li di: "Malè pou ou! Pa louvril, paske siw louvri li, wap antre ladan li." Chemen an se Islam nan; 2 miray yo se limit Allah yo (lwa Li yo); pòt ki louvri yo se bagay Allah entèdi yo (sa ki haram yo); moun kap rele nan tèt chemen an se Liv Allah a (Koran an); epi moun kap rele depi anwo chemen an se avètisè Allah a ki nan kè chak Mizilman.
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li