Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

40 of 477 cards

Clear filters
«Konnen byen, kapab gen yon mesye, kote yon pawòl (hadith) ki soti nan mwen rive jwenn li pandan lap apiye sou fotèy li, epi li di: "Ant nou menm ak nou menm gen Liv Allah a; sa nou jwenn ladanl ki pèmèt (halal), nou pranl kòm halal, epi sa nou jwenn ladanl ki entèdi (haram), nou pranl kòm haram." Epi, anverite, sa Mesaje Allah la entèdi, li menm jan ak sa Allah entèdi!»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ibn Majah
«Anverite, lè moun yo wè yon moun ki enjis epi yo pa anpechel, li pap pran tan pou Allah kouvri yo tout ak yon chatiman ki soti nan Li.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, -(3 fwa)-», epi pa gen okenn pami nou ki pa (santi yon ti bagay konsa), men Allah, Li menm ki gen tout pouvwa a, Li menm ki gen gwo majeste a, fèl ale lè nou mete konfyans nou nan Li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
« Sètènman, pami pi gwo djihad yo se yon pawòl jistis devan yon dirijan ki enjis. »
(Akseptab gras a lòt vèsyon) Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), chak fwa li te konn soti nan twalèt, li te konn di: «Mwen mande Ou padon».
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Se pou lang ou toujou rete mouye ak rapèl Allah .
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.