Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

47 of 477 cards

Clear filters
Pa fè kay nou tounen kavo, epi pa fè kavo mwen tounen yon kote pou fèt (oswa yon kote pou moun rasanble regilyèman pou yo selebre). Mande benediksyon (salawat) pou mwen, paske lapriyè nou an ap rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye.
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud
"«Siplikasyon se adorasyon an», aprèsa li te resite: «{Epi Mèt nou an te di: Rele Mwen, Map reponn nou. Sètènman, moun ki gen lògèy epi ki refize adore Mwen yo ap antre nan lanfè avèk imilyasyon} [Ghafir: 60]»."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
«Moun ki fè lòt moun ditò, Allah ap fè li ditò, epi moun ki rann bagay yo difisil pou lòt moun, Allah ap rann bagay yo difisil pou li.»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te aprann nou Khutbat al-Hajah (diskou pou mande èd Allah): Tout lwanj se pou Allah. Nou mande Li èd epi nou mande Li padon. Nou chache pwoteksyon nan men Li kont mechanste ki nan pwòp tèt nou. Moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdi li; epi moun Li kite pèdi, pèsonn pa ka gide li. Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li. {O nou menm lèzòm! Krenn Mèt nou an, Li menm ki te kreye nou soti nan yon sèl moun (nanm), ki te kreye madanm li soti nan li menm tou, epi ki te fè anpil gason ak fanm soti nan yo 2 a pou gaye sou tè a. Krenn Allah, Li menm nou sèvi ak non Li pou nou fè demann yonn bay lòt, epi respekte lyen fanmi yo. Paske tout bon, Allah ap veye sou nou chak deprè.} [Sourat An-Nisa: 1] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah jan nou dwe krenn Li a tout bon vre, epi pa kite lanmò pran nou si se pa nan eta Mizilman (moun ki soumèt nèt devan Li).} [Sourat Ali 'Imran: 102] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah epi toujou pale pawòl ki dwat (ki verite). Lè konsa, Li va fè aksyon nou yo vin bon, epi lap padonnen peche nou yo. Nenpòt moun ki obeyi Allah ak Mesaje Li a, se sèten li ranpòte yon gwo siksè.} [Sourat Al-Ahzab: 70-71]
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah ak Ahmad.
Pwofèt la (Sallalahou Alayhi Wa Sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: «Mèt mwen, padonem, Mèt mwen, padonem».
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, An-Nasa'i, Ibn Majah ak Ahmad.
Pwofèt la (sallallahou alayhi wa sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: «O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, ban mwen lasante, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv.»
Hassan (Akseptab) gras a temwayaj ki ranfòse l yo. Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Si yon moun renmen frè li (pou tèt Allah), se pou l fè l konnen ke li renmen l.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.