Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

26 of 477 cards

Clear filters
«Nan fen kominote mwen an, pral genyen moun kap rakonte nou sa ni nou menm, ni zansèt nou yo pat janm tande. Kidonk, mefye nou ak yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Èske mwen pa ta dwe rakonte nou yon pawòl konsènan Satan, yon pawòl okenn pwofèt pat janm rakonte pèp li a? Li gen yon sèl zye epi lap vini avèk sa ki sanble ak Paradi ak Lanfè. Konsa, sa li di ki se Paradi a, se Lanfè li ye. Epi vre, map avèti nou menm jan Noye te avèti pèp li a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa Sila ki gen nanm mwen nan menl lan, asireman pitit Mari a prèt poul desann nan mitan nou kòm yon jij ki jis, lap kase kwa a, lap touye kochon an, lap aboli Jizyah a, epi richès ap tèlman abondan jiskaske pèsonn pap aksepte l.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Mizilman an, lè yo poze li kesyon nan tonbo a : li temwaye ke pa gen lòt dye ki merite adore Sèlman Allah epi ke Muhammad se mesaje Allah», sa se pawòl Li a : {Allah ap fè moun ki te gen lafwa yo rete fèm ak pawòl ki fèm nan, nan lavi sou latè ak nan lòt lavi a} [Ibrahim: 27]."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Allah ap kenbe tè a nan pla men Li, epi lap pliye syèl yo nan men dwat Li, aprèsa lap di: Mwen se Wa a. Kote wa ki sou tè yo?»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la di : « Èske nou konnen kiyès ki depafini an (moun ki fè fayit la) ? » Yo reponn : « Moun ki fè fayit nan mitan nou, se moun ki pa gen ni lajan (dirham) ni byen materyèl. » Li di : « Moun ki fè fayit toutbon nan kominotem nan, se moun ki va vini nan Jou Rezirèksyon an ak anpil priyè, jèn, ak zakat (lamòn); men li vini tou pandan li te joure moun sa a, li te kalonye (akize) moun sa a, li te manje lajan moun sa a, li te koule san moun sa a, epi li te bat moun sa a. Yap pran nan bon zèv li yo pou yo bay moun sa a, epi pran nan bon zèv li yo pou bay lòt moun sa a; si bon zèv li yo fini anvan li fin peye tout dèt li genyen anvè yo, yap pran nan peche moun li te fè tò yo pou jete sou dol, aprèsa yap jetel nan Lanfè. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Basen mwen an se distans yon mwa ap mache, dlo li pi blan pase lèt, epi li gen pi bon odè pase misk(Pafen) epi gode li yo tankou etwal ki nan syèl la, moun ki bwè ladan li pap janm swaf ankò.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li