Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

60 of 477 cards

Clear filters
«Allah ap kenbe tè a nan pla men Li, epi lap pliye syèl yo nan men dwat Li, aprèsa lap di: Mwen se Wa a. Kote wa ki sou tè yo?»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Jundub (ke Allah kontan avè l) rakonte: Mwen te tande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) senk jou anvan li mouri, li tap di: "Mwen deklare devan Allah, mwen pa pran okenn nan nou kòm zanmi pwòch (khalil). Paske Allah Toupwisan an te chwazim kòm zanmi pwòch Li, menm jan Li te chwazi Ibrahima (Abraram) kòm zanmi pwòch Li. Sim te dwe pran yon zanmi pwòch nan kominotem nan, mwen tap pran Abu Bakr. Epi atansyon! Moun ki te viv anvan nou yo te konn fè kavo pwofèt yo ak moun ki jis yo tounen kote pou yo adore. Atansyon! Pa fè kavo yo tounen kote pou nou adore; mwen entèdi nou fè sa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
« O moun yo! Allah sen e Li pafè, Li pa aksepte anyen ki pa pwòp. Allah te bay kwayan yo menm lòd li te bay pwofèt yo. Li te di: "O nou menm pwofèt yo! Manje nan sa ki bon (legal/pwòp) epi fè bon aksyon, mwen menm mwen byen konnen sa nap fè." (Al-Mu'minun: 51). Li te di tou: "O nou menm ki kwè! Manje nan bon bagay mwen te ban nou yo." (Al-Baqarah: 172).
Sahih Rapòte pa Mouslim
«An verite, Allah bay moun ki fè enjistis la yon delè, jiskaske lè Li pinil Li pap kitel chape.» Li di: Aprèsa, li li: «{Epi se konsa chatiman Seyè ou la ye lè Li pini vil yo pandan yap fè enjistis. An verite, chatiman Li a fè mal anpil epi li rèd.} [Houd: 102]»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Daprè Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), li te di: «Allah di: Pitit Adan an demantim, epi li pa gen okenn dwa pou li fè sa, epi li jourem, epi li pa gen okenn dwa pou li fè sa. Kanta pou jan li demantim nan, se pawòl li lèl di: Li pap janm refèm jan Li te kòmansem nan, epi premye kreyasyon an pa pi fasil pou Mwen pase poum refè li ankò a. Epi kanta pou jan li joure m nan, se pawòl li lèl di: Allah pran yon pitit, alòske Mwen se Sila a ki Youn nan, Mèt absoli a, Mwen pa fè pitit, ni Mwen pa pitit pèsonn, epi pa gen okenn moun ki egal avèm.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Yon gwoup moun te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li). Li te aksepte sèman fidèlite 9 nan yo, epi li te refize pou youn. Yo te di: "O Mesaje Allah, ou aksepte sèman nèf nan yo epi ou kite sa a?" Li te di: «Li gen yon tamimah sou li». Lè sa a, nonm nan te foure men li epi li te rachel. Aprèsa, li te aksepte sèman li an, epi li te di: «Nenpòt moun ki pann yon tamimah, asireman li fè Shirk(idolatri)».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
"«Pa gen maladi ki trape pou kont li, ni pa gen move presaj, epi mwen renmen bon presaj.» Yo te mande l: E kisa ki bon presaj la? Li reponn: «Yon bon pawòl»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«O jenn gason! Mwen pral montrew kèk pawòl : Respekte dwa Allah, lap pwoteje ou, respekte dwa Allah, wap jwenn li bò kote ou, si ou mande, mande Allah, epi si ou mande èd, mande èd nan men Allah, epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew; plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch.»
Sahih « At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »