Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

105 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (52)
ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi raze yon pati nan tèt la epi kite yon lòt.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki gen kapasite poul marye, se pou li marye, paske sa ede li bese zyel epi sa pwoteje chastete li, Kanta pou moun ki pa kapab, se poul jene, paske sa ap sèvi kòm yon pwoteksyon pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Jibril (Zanj Gabriyèl) pa te sispann rekòmandem pou mwen byen ak vwazen m yo, jiskaske mwen te rive pansel tap fè yo vin eritye (sa vle di, li tap bay vwazen an yon pati nan eritaj la). »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di lè li leve do li soti nan pozisyon 'Ruku' a: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li, O Allah, Senyè nou an, tout louwanj se pou ou, ki ranpli syèl yo ak tè a, epi ki ranpli tout sa ou vle aprèsa».
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Pirifikasyon se mwatye lafwa, lwanj pou Allah ranpli balans lan, epi glwa pou Allah pansanm ak lwanj pou Allah ranpli tout espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè, charite se yon prèv, pasyans se yon klète, epi Koran an se yon agiman ki swa pou ou swa kont ou. Tout moun ap leve chak maten, yo swa yap vann tèt yo pou libere li, swa yap vann tèt yo pou pèd l."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Allah ap pale ak chak grenn moun pami nou, san pa gen okenn entèprèt ant yo. Lap gade sou bò dwat li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; lap gade sou bò gòch li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; epi lap gade devan li epi li pap wè anyen eksepte Dife a fas a fas ak figi li. Kidonk, pwoteje tèt nou kont Dife a, menm si se avèk mwatye yon grenn dat.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Si yon chen bwè nan veso youn nan nou, se poul lave li 7 fwa.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyem Tashahhud la, pandan men mwen te nan men li, menm jan li te konn anseyem yon sourat nan Koran an: 'Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, e mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesajel.' Nan yon lòt vèsyon yo, li te ajoute: 'Vreman vre, Allah se As-Salam (Sous lapè a). Kidonk, lè youn nan nou chita nan lapriyè a, se poul di: Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah . Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Lèl di sa, salitasyon an rive sou chak sèvitè dwat Allah nan syèl la ak sou tè a. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah , epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li. Aprèsa li ka chwazi nenpòt sal ta renmen mande Allah»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li