Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

60 of 477 cards

Clear filters
Mwen te mande Mesaje Allah (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) sou sa ki byen (Al-Birr) ak sa ki peche (Al-Ithm). Li te reponn: 'Byenfè se bon karaktè, epi peche se sa kap twouble konsyans ou (sa kap grate kèw), epi ou pa ta renmen moun wè sa'."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa aprann konesans pou nou vante tèt nou devan savan yo, ni pou nou diskite ak moun ki san konprann yo, ni pou nou chwazi pi bon plas nan asanble yo. Nenpòt moun ki fè sa, se Lanfè kap tann li.»
Sahih Se Ibn Majah ki rapòte li
«Anverite, sa ki halal klè epi sa ki haram klè, epi ant yo 2 a gen bagay ki gen dout ke anpil moun pa konnen. Donk, moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè, epi moun ki tonbe nan bagay ki gen dout yo, li tonbe nan sa ki haram, menm jan ak yon bèje kap gade bèt li yo bò kote yon patiraj rezève, li pa lwen kite bèt yo manje ladan li. Atansyon! Chak wa genyen yon zòn rezève. Atansyon! Zòn rezève Allah a, se sa Li entèdi yo. Atansyon! Nan kò a gen yon moso chè, lè li bon, tout kò a vin bon, epi lè li gate, tout kò a vin gate. Atansyon! Se kè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te di: "Ya Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam ke mwen pap mande okenn lòt moun sou li sof ou menm." Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, epi rete fèm.»
Sahih Rapòte pa Mouslim ak Ahmad.
«Sètènman, gen moun kap itilize richès Allah san okenn dwa, pou moun sa yo, se Dife a kap gen pou yo nan Jou Jijman an.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li, kidonk nenpòt moun ki fè Hijrah li pou Allah ak Mesaje Li a, Hijrah li a se vè Allah ak Mesaje Li a, epi nenpòt moun ki fè Hijrah li pou yon byen nan mond sa a li vle jwenn, oswa pou yon fanm li vle marye, Hijrah li a se vè sa li te deplase pou li a».
Sahih Hadis sa a te rapòte pa de gran mèt nan syans hadis yo, Abu 'Abdullah Muhammad ibn Isma'il al-Bukhari ak Abu al-Husayn Muslim ibn al-Hajjaj an-Naysaburi, nan de Sahih respektif yo, ki rekonèt kòm liv ki pi fyab ak pi otantik ki te janm konpile.
Mwen te mande Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan gade pa aksidan (gade yon bagay entèdi san ou pat vle), epi li te pasem lòd poum detounen zyem (virel gade yon lòt kote).
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Evite zak sal sa a Allah entèdi a. Donk, nenpòt moun ki tonbe ladan li,se pou li kache tèt li anba kouvèti Allah, epi se pou li repanti bay Allah; paske nenpòt moun ki devwale zak li devan nou, nap aplike Liv Allah a sou li.»
Sahih Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Bayhaqi.