Vreman vre, Allah te ekri (anrejistre) bon aksyon yo ak move aksyon yo, epi li te esplike sa: Nenpòt moun ki fè pwojè poul fè yon bon aksyon men li pa fè li, Bondye ekri li pou li bò kotel tankou yon bon aksyon ki konplè. Men, si li fè pwojè pou li fèl epi li fè li tout bon, Allah ekri li pou li bò kote li tankou 10 bon aksyon, jiska 700 fwa plis, epi menm plis pase sa toujou. E nenpòt moun ki fè pwojè poul fè yon move aksyon men li pa fèl, Allah ekri li pou li bò kotel tankou yon bon aksyon ki konplè. Men, si li fè pwojè poul fè li epi li fèl tout bon, Allah ekri li kòm yon sèl move aksyon.
Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2)
Dapre Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan sa li rapòte de Seyè li a (ki gen pouvwa ak grandè), li di: Li di: «Anverite, Allah ekri bèl aksyon yo ak move aksyon yo, epi Li esplike sa. Konsa, moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon epi li pa fèl, Allah ekri pou li bò kote Pal yon bèl aksyon konplè. Epi si li gen entansyon fèl epi li fèl, Allah ekri pou li 10 bèl aksyon jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò. Epi, moun ki gen entansyon fè yon move aksyon epi li pa fèl, Allah ekri pou li bò kote Pal yon bèl aksyon konplè. Epi si li gen entansyon fèl epi li fèl, Allah ekri pou li yon sèl move aksyon».
عَنِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِيمَا يَرْوِي عَنْ رَبِّهِ عَزَّ وَجَلَّ قَالَ: قَالَ: «إِنَّ اللهَ كَتَبَ الْحَسَنَاتِ وَالسَّيِّئَاتِ، ثُمَّ بَيَّنَ ذَلِكَ، فَمَنْ هَمَّ بِحَسَنَةٍ فَلَمْ يَعْمَلْهَا كَتَبَهَا اللهُ لَهُ عِنْدَهُ حَسَنَةً كَامِلَةً، فَإِنْ هُوَ هَمَّ بِهَا فَعَمِلَهَا كَتَبَهَا اللهُ لَهُ عِنْدَهُ عَشْرَ حَسَنَاتٍ إِلَى سَبْعِمِائَةِ ضِعْفٍ، إِلَى أَضْعَافٍ كَثِيرَةٍ، وَمَنْ هَمَّ بِسَيِّئَةٍ فَلَمْ يَعْمَلْهَا كَتَبَهَا اللهُ لَهُ عِنْدَهُ حَسَنَةً كَامِلَةً، فَإِنْ هُوَ هَمَّ بِهَا فَعَمِلَهَا كَتَبَهَا اللهُ لَهُ سَيِّئَةً وَاحِدَةً».
Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) eksplike ke Allah te dekrete bèl aksyon yo ak move aksyon yo, epi aprèsa li montre 2 zanj yo kijan pou yo ekri yo: Konsa, moun ki vle, ki gen entansyon, epi ki pran desizyon pou li fè yon bèl aksyon, yap ekri pou li yon sèl bèl aksyon menm si li pa fèl. Epi, si li fèl, lap miltipliye pa 10 jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò. Epi ogmantasyon an depann de nivo senserite ki genyen nan kè moun nan, jan benefis la rive jwenn lòt moun, ansanm ak lòt bagay ki sanble ak sa. Epi, moun ki vle, ki gen entansyon, epi ki detèmine pou fè yon move aksyon, men aprèsa li kite sa pou Allah, yap ekri pou li yon bèl aksyon. Epi, si li pa fèl paske li okipe nan lòt bagay sanl pa pran okenn mwayen pou fèl, yo pap ekri anyen pou li. Epi, si li pa fèl paske li pa kapab, yap ekri entansyon li a kont li. Epi, si li fèl, yap ekri pou li yon sèl move aksyon.
Eksplikasyon sou gwo favè Allah anvè kominote sa a, nan fason Li miltipliye bèl aksyon yo epi Li ekri yo pou li, alòske Li pa miltipliye move aksyon yo.
Enpòtans entansyon an nan zèv yo ak efè li.
Favè Allah, Toupwisan an, ak konpasyon li, ansanm ak bon kè li, se lefètke moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon epi li pa fèl, Allah ekri pou li yon bèl aksyon.
Sahih Al-Bukhari (8/ 103) (6491).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 118) (131).
Plis (7)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص85).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص368).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص125).
فتح الباري.
لابن حجر (11/ 324).