Gen 6 kalite aksyon ak 4 kategori moun: 2 aksyon ki gen rezilta obligatwa (moujibatan), 1 aksyon ki peye menm ak menm, yon bon aksyon ki peye10 sfwa valè li, ak yon bon aksyon ki peye jiska sètsan fwa valè li.
Daprè Khouraym bin Fatik (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Gen 6 kalite aksyon, epi gen 4 kalite moun. Gen 2 aksyon ki detèmine sò yon moun (obligatwa), gen aksyon ki peye menm ak menm, gen bon aksyon ki peye 10 fwa valè yo, epi gen bon aksyon ki peye 700 fwa valè yo. Konsènan 2 aksyon ki detèmine sò yon moun: Moun ki mouri san li pa janm asosye pèsonn ak Allah, lap antre nan Paradi; epi moun ki mouri pandan li tap asosye yon bagay ak Allah, lap antre nan Lanfè. Konsènan aksyon ki peye menm ak menm: Yon moun ki gen entansyon fè yon bon aksyon jiskaske kèl santil, epi Allah konnen entansyon sa a nan men li, yo ekri yon bon aksyon pou li. Yon moun ki fè yon move aksyon, yo ekri yon sèl move aksyon sou kont li. Yon moun ki fè yon bon aksyon, yo peyel 10 fwa valè aksyon sa a. Yon moun ki depanse byen li nan chemen Allah a, yo peye li yon bon aksyon ki egal ak 700 fwa valè li. Konsènan 4 kalite moun yo: 1- Moun ki jwenn anpil benediksyon nan mond sa a, men ki pral gen anpil restriksyon nan lòt mond lan. 2- Moun ki gen anpil restriksyon nan mond sa a, men ki pral jwenn anpil benediksyon nan lòt mond lan. 3- Moun ki gen restriksyon nan mond sa a epi ki pral gen restriksyon tou nan lòt mond nan. 4- Moun ki jwenn anpil benediksyon nan mond sa a epi ki pral jwenn anpil benediksyon tou nan lòt mond nan.
«الْأَعْمَالُ سِتَّةٌ، وَالنَّاسُ أَرْبَعَةٌ، فَمُوجِبَتَانِ، وَمِثْلٌ بِمِثْلٍ، وَحَسَنَةٌ بِعَشْرِ أَمْثَالِهَا، وَحَسَنَةٌ بِسَبْعِ مِائَةٍ، فَأَمَّا الْمُوجِبَتَانِ: فَمَنْ مَاتَ لَا يُشْرِكُ بِاللهِ شَيْئًا دَخَلَ الْجَنَّةَ، وَمَنْ مَاتَ يُشْرِكُ بِاللهِ شَيْئًا دَخَلَ النَّارَ، وَأَمَّا مِثْلٌ بِمِثْلٍ: فَمَنْ هَمَّ بِحَسَنَةٍ حَتَّى يَشْعُرَهَا قَلْبُهُ، وَيَعْلَمَهَا اللهُ مِنْهُ كُتِبَتْ لَهُ حَسَنَةً، وَمَنْ عَمِلَ سَيِّئَةً، كُتِبَتْ عَلَيْهِ سَيِّئَةً، وَمَنْ عَمِلَ حَسَنَةً فَبِعَشْرِ أَمْثَالِهَا، وَمَنْ أَنْفَقَ نَفَقَةً فِي سَبِيلِ اللهِ فَحَسَنَةٌ بِسَبْعِ مِائَةٍ، وَأَمَّا النَّاسُ، فَمُوَسَّعٌ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا مَقْتُورٌ عَلَيْهِ فِي الْآخِرَةِ، وَمَقْتُورٌ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا مُوَسَّعٌ عَلَيْهِ فِي الْآخِرَةِ، وَمَقْتُورٌ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ، وَمُوَسَّعٌ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te fè konnen ke gen 6 kalite aksyon, epi gen 4 kalite moun. Konsa, 6 aksyon yo se: Premyèman: Moun ki mouri pandan li pa asosye anyen ak Allah; Paradi a vin obligatwa pou li. Epi dezyèm pwen an se: Moun ki mouri pandan lap fè Chirk, ki mete nenpòt bagay ansanm ak Allah; Lanfè a vin obligatwa pou li, pou li rete ladan li pou toutan. Epi yo toulède se 2 obligasyon yo. Epi twazyèmman: Bèl aksyon li gen entansyon fè a, kidonk moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon epi li te sensè nan entansyon li jiskaske li santi sa nan kè li, epi Allah konnen entansyon sa a ki nan li a, aprèsa yon anpechman rivel epi li pa kapab fè bèl aksyon sa a, yo ekri pou li yon bèl aksyon konplè. Epi katriyèmman: Move aksyon ki fèt la, moun ki fè yon move aksyon, yo ekri pou li yon sèl move aksyon. Epi yo 2 a: se menm pou menm san miltiplikasyon. Epi senkyèmman: yon bèl aksyon miltipliye pa 10 bèl aksyon menm jan ak li, epi se moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon epi li fèl; yo ekri pou li 10 bèl aksyon. Sizyèmman: yon bèl aksyon ki tounen 700 bèl aksyon, epi sa se pou moun ki fè yon sèl depans nan chemen Allah, kote yo ekri bèl aksyon sa a pou li kòm 700 bèl aksyon. Epi sa soti nan favè Li, Li menm ki beni epi ki egzalte a, ansanm ak jenewozite Li anvè sèvitè li yo. Epi kanta pou 4 kalite moun yo, yo se: Premye a: Se moun ki jwenn anpil mwayen nan mond sa a (an tèm richès), li viv alèz, li jwenn tout sal vle, men li gen anpil restriksyon nan lòt mond lan epindestinel se Lanfè. Se moun ki pa kwayan men ki rich la. Epi dezyèm: Se moun ki gen pwovizyon li limite nan lavi sou tè a, men kap jwenn li an abondans nan lavi aprè lanmò a, epi destinasyon li se nan Paradi, epi se li ki moun ki gen lafwa epi ki pòv la. Twazyèm nan: Se moun ki gen anpil restriksyon nan mond sa a ak nan lòt mond nan; se moun ki pa kwayan epi ki pòv la. Epi katriyèm moun nan: se moun ki jwenn anpil abondans nan lavi sou tè sa a ak nan lavi aprè a (Lavi san fen an), epi se kwayan ki rich la.
...:
Gwo favè Allah Toupwisan an fè sèvitè li yo, epi jan Li miltipliye rekonpans pou bon aksyon yo.
Jistis Allah ak jenewozite li, paske li trete nou ak jistis pou yon move aksyon, kidonk pinisyon move aksyon an se youn sèlman.
Gravite bay Allah asosye, paske ladan li gen entèdiksyon pou antre nan Paradi a.
Eksplikasyon sou merit depanse nan chemen Allah.
Miltiplikasyon rekonpans pou depans ki fèt nan chemen Allah kòmanse apati 700 fwa plis; paske sa ede nan leve pawòl Allah byen wo.
Eksplikasyon sou kategori moun yo ak divèsite yo.
Allah bay anpil benediksyon nan mond sa a ni pou kwayan yo ni pou moun ki pa kwayan yo, men li pa bay benediksyon sa a nan lòt mond lan (nan paradi a) eksepte pou kwayan yo sèlman.
Mousnad Ahmad (31/ 196) (18900).
(31/ 384).
Plis (1)
الفتح الرباني لترتيب مسند أحمد بن حنبل الشيباني (19/198).