Pa gen okenn lòt dye esepte Allah. Malè pou Arab yo poutèt yon danje kap pwoche! Jodi a, gen yon brèch ki fèt nan baryè Yajouj ak Majouj la, ki gwosè sa a.
Daprè Zaynab bint Jahsh (ke Allah kontan avèk li), Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te antre kote li ak laperèz, epi li tap di:
« Pa gen lòt dye esepte Allah ! Malè pandye sou tèt Arab yo poutèt yon gwo danje kap pwoche ! Jodi a, gen yon brèch ki louvri nan baryè Yajouj ak Majouj la, ki gwosè sa a » — epi li fòme yon ti sèk ak gwo pous li ansanm ak dwèt endèks li. Zaynab pitit fi Jahsh te di : Mwen te mande l : « O Mesaje Allah, èske nap peri alòske gen bon moun nan mitan nou ? » Li te reponn : « Wi, si move zak ak peche vin twòp. »
«لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَيْلٌ لِلْعَرَبِ مِنْ شَرٍّ قَدِ اقْتَرَبَ، فُتِحَ اليَوْمَ مِنْ رَدْمِ يَأْجُوجَ وَمَأْجُوجَ مِثْلُ هَذِهِ» وَحَلَّقَ بِإِصْبَعِهِ الإِبْهَامِ وَالَّتِي تَلِيهَا، قَالَتْ زَيْنَبُ بِنْتُ جَحْشٍ فَقُلْتُ يَا رَسُولَ اللَّهِ: أَنَهْلِكُ وَفِينَا الصَّالِحُونَ؟ قَالَ: «نَعَمْ إِذَا كَثُرَ الخَبَثُ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te antre lakay Zaynab pitit fi Jahsh (se pou Allah satisfè avè l) tou pè epi ak gwo kè sote, li tap repete: Pa gen okenn lòt dye apa Allah, kòm yon avètisman sou yon gwo malè ki gen pou rive, epi pa gen okenn delivrans apa chèche refij bò kote Allah sèlman. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Malè pandye sou tèt Arab yo poutèt yon gwo malè ki prèt pou tonbe ! Jodi a, gen yon brèch ki fèt nan baryè Yajouj ak Majouj la — baryè solid Dhoul-Qarnayn te bati a — ki gwosè sa a », epi li fòme yon ti sèk ak gwo pous li ansanm ak dwèt endèks li. Epi Zaynab (ke Allah kontan avèk li) te di: Kòman Allah ka fè destriksyon tonbe sou nou pandan ke gen kwayan ki jis pami nou? Epi Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di li: "Lè sa ki mal miltipliye, tankou dezobeyisans, imoralite, peche, adiltè, bwason entoksikan, ak lòt ankò, destriksyon an ap frape tout moun nèt."
يَأْجُوجَ ومَأجُوجَ: اسم لقبيلتين من العجم، وهم من بني آدم، يظهرون آخر الزمان ويفسدون في الأرض، ويكون ظهورهم من علامات قُرب يوم القيامة.
Laperèz pa anpeche kè kwayan an sonje Allah lè li pè ; paske se lè yon moun sonje Allah kèl jwenn lapè.
Ankourajman pou moun denonse peche epi pou yo anpeche yo fèt.
Destriksyon jeneral la rive poutèt peche vin twòp, yo gaye toupatou, epi moun pa denonse yo ankò, menm si ta gen anpil moun debyen.
Malè yo frape tout moun san distenksyon, kit yo se moun debyen kit yo se kòwonpi, men yap resisite daprè entansyon yo.
Li te vize Arab yo espesyalman nan pawòl li a: "Malè pou Arab yo anba yon mal ki gentan pwoche"; paske yo te reprezante majorite moun ki te aksepte Islam nan moman li te di sa a.
Sahih Al-Bukhari (4/ 138) (3346).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2208) (2880).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 280).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (4/ 54).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 437).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 212).