Al-Kaba'ir (Gwo peche yo): Shirk (bay Allah asosye), maltrete paran, touye moun, ak sèmante sou manti.
Daprè Abdullah ibn Amr ibn al-As (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), soti nan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
"«Gwo peche yo se: bay Allah asosye, maltrete paran, touye moun, ak sèmante sou manti.»"
«الْكَبَائِرُ: الْإِشْرَاكُ بِاللهِ، وَعُقُوقُ الْوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَالْيَمِينُ الْغَمُوسُ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) eksplike gwo peche yo, ki se peche kote moun ki komèt yo a menase ak yon pinisyon rèd nan lavi sa a oswa aprè lanmò. Premye a, "Asosyasyon ak Allah (Shirk)" : se lè yon moun detounen nenpòt kalite adorasyon pou li bay yon lòt ki pa Allah, epi mete sa ki pa Allah nan menm nivo ak Allah nan sa ki se karakteristik espesifik Allah yo, nan divinite li, nan souverènte li, ak nan non li yo ansanm ak atribi li yo. Epi dezyèm nan "dezobeyisans anvè paran yo": se tout sa ki lakòz ditò pou manman ak papa, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon, epi pa aji byen avèk yo. Twazyèm nan se "Touye moun": san okenn dwa, tankou touye moun nan enjistis ak agresyon. Epi katriyèm lan se "Yamin al-Ghamous" (Sèman ki nwaye moun nan peche): Se lè yon moun fè sèman alòske lap bay manti tout pandan li konnen lap bay manti, yo rele li konsa; paske li nwaye moun lan nan peche oswa nan Dife a.
...:
Yamin al-Ghamous (Sèman ki nwaye moun nan peche) pa gen okenn konpansasyon pou li, akòz jan li trè danje epi li se yon peche ki grav; men sèl sa li mande se repantans.
Lefètke yo site sèlman 4 gwo peche sa yo nan hadith la, se poutèt gravite peche sa yo, epi se pa pou di se yo menm sèl ki genyen.
Peche yo divize an gwo peche ak ti peche, epi gwo peche a se: tout peche ki gen yon pinisyon nan lavi sa a, tankou pinisyon espesifik ak madichon, oswa yon menas pinisyon aprè lanmò, tankou menas pou antre nan Dife a. Epi gwo peche yo gen plizyè nivo kote genyen ki pi rèd pase lòt nan entèdiksyon yo, epi ti peche yo se tout sa ki pa nan kategori gwo peche yo.
Sahih Al-Bukhari (8/ 137) (6675).
Plis (7)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 408).
رياض الصالحين للنووي (ص125) (337).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (5/ 610).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص964).
Cited in books
7 BooksPlis (7)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«الكَبَائِرُ: الإشْرَاكُ بِالله، وَعُقُوقُ الْوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَالْيَمِينُ الْغَموسُ».
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 8«الْكَبَائِرُ: الإشْرَاكُ بِالله، وَعُقُوقُ الْوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَالْيَمِينُ الْغَمُوسُ».
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«الإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَشَهَادَةُ الزُّورِ» [118].
- قاموس الكبائر«الإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَشَهَادَةُ الزُّورِ» [118].
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الخامسة«الْإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الْوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَشَهَادَةُ الزُّورِ»
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الخامسة«الْكَبَائِرُ: الْإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الْوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَالْيَمِينُ الْغَمُوسُ»
- نبراس طالب (5)1«الكَبَائِرُ: الإِشْرَاكُ بِاللهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَاليَمِينُ الغَمُوسُ»