Sètènman, yo rasanble kreyasyon youn nan nou nan vant manman li pandan karant (40) jou.
Daprè Abi Abdourahman Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), li te di:
Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rakonte nou, e se li ki toujou di verite a epi se li moun kwè a: «Vrèman, yo rasanble kreyasyon chak moun nan nou nan vant manman li pandan 40 jou, aprèsa li tounen yon mòso san ki kole pandan menm kantite tan sa a, aprèsa li tounen yon mòso chè pandan menm kantite tan sa a. Aprèsa, yo voye zanj lan kot li epi li soufle nanm nan ladan li, epi yo ba li lòd sou 4 bagay: pou li ekri manje li, dat lanmò li, zèv li yo, epi si lap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere. Konsa, pa Sila a ki pa gen lòt Allah apa Li a, vrèman gen nan nou kap fè zèv moun Paradi yo jiskaske pa rete anyen ki separel ak Paradi a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Lanfè yo epi li antre ladan li.E vrèman, gen nan nou kap fè zèv moun Lanfè yo jiskaske pa rete anyen ki separe l ak Lanfè a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Paradi yo epi li antre ladan l.»
حَدَّثَنَا رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ وَهُوَ الصَّادِقُ المَصْدُوقُ: «إِنَّ أَحَدَكُمْ يُجْمَعُ خَلْقُهُ فِي بَطْنِ أُمِّهِ أَرْبَعِينَ يَوْمًا، ثُمَّ يَكُونُ عَلَقَةً مِثْلَ ذَلِكَ، ثُمَّ يَكُونُ مُضْغَةً مِثْلَ ذَلِكَ، ثُمَّ يُرْسَلُ إلَيْهِ المَلَكُ فَيَنْفُخُ فِيهِ الرُّوحَ، وَيُؤْمَرُ بِأَرْبَعِ كَلِمَاتٍ: بِكَتْبِ رِزْقِهِ، وَأَجَلِهِ، وَعَمَلِهِ، وَشَقِيٍّ أَوْ سَعِيدٍ؛ فَوَالَّذِي لَا إلَهَ غَيْرُهُ إنَّ أَحَدَكُمْ لَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ الجَنَّةِ حَتَّى مَا يَكُونُ بَيْنَهُ وَبَيْنَهَا إلَّا ذِرَاعٌ فَيَسْبِقُ عَلَيْهِ الكِتَابُ فَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ النَّارِ فَيَدْخُلُهَا، وَإِنَّ أَحَدَكُمْ لَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ النَّارِ حَتَّى مَا يَكُونُ بَيْنَهُ وَبَيْنَهَا إلَّا ذِرَاعٌ، فَيَسْبِقُ عَلَيْهِ الكِتَابُ فَيَعْمَلُ بِعَمَلِ أَهْلِ الجَنَّةِ فَيَدْخُلُهَا».
Ibn Mas'oud te di: Mesaje Allah a, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, te pale avèk nou. Epi li menm ki toujou di laverite a nan pawòl li, epi ki jwenn konfimasyon verite li a nan men Allah ki Trèwo a, te di: "An verite, kreyasyon chak moun pami nou rasanble ansanm. Sa vle di, lè yon gason kouche ak madanm li, semans li ki te gaye a rasanble nan vant fi a pandan 40 jou sou fòm yon gout dlo (semans). Aprèsa, li vin tounen yon moso san ki kole, ki se san epè ki kaye, epi sa se nan dezyèm 40 jou yo. Aprèsa, li vin tounen yon moso chè (vyann), ki se yon moso vyann nan gwosè sa moun ka moulen, epi sa se nan twazyèm 40 jou yo. Aprèsa, Allah voye yon zanj kot li, epi li soufle nanm lan nan li lè twazyèm 40 jou yo fin pase. Epi yo bay zanj lan lòd pou li ekri 4 pawòl, ki se: mwayen pou li viv li (manje li), ki se kantite byenfè li pral resevwa nan lavi li; dat lanmò li (dire lavi l), ki se kantite tan li gen pou l rete sou tè a; zèv li yo, kisa lap ye?; epi si lap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere. Aprèsa, Pwofèt la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, te fè sèman poul di: An verite, gen yon moun ki ka ap fè zèv moun Paradi yo, kote zèv li yo bon nan sa kap parèt devan zye moun, epi li rete konsa jiskaske pa gen anyen ankò ki separe li ak Paradi a eksepte yon koud-bwa, sa vle di: pa gen anyen ankò ki rete ant li menm ak moman poul rive ladan li, menm jan ak yon moun ki gen distans yon koud-bwa sèlman ki rete ant li menm ak yon kote sou tè a. Lè sa a, sa ki te ekri pou li nan liv la ak sa ki te ki te deja ekri pou li a pran devan li, konsa li fè zèv moun Lanfè yo. Epi lavi li fini avèk sa, epi li antre nan Lanfè; paske kondisyon pou yo aksepte zèv li, se poul rete fèm ladan li epi poul pa chanje li. Epi gen yon lòt moun ki ka ap fè zèv moun Lanfè yo jiskaske li pwòch anpil poul antre ladan li, tankou pa tap gen plis pase valè yon koud-bwa distans sou tè a ki separel ak Lanfè a. Men sa ki te ekri pou li nan liv la ak sa ki te nan desten pou li a pran devan l, konsa li kòmanse fè zèv moun Paradi yo. Epi lavil fini avèk sa, epi li antre nan Paradi."
Eksplikasyon sou etap kreyasyon moun.
Lafwa nan sa Allah deside ak sa Li planifye (Al-Qada wal-Qadr).
Laperèz pou move finisman, ak ankourajman pou mande Allah rete fèm jouk nan lanmò.
Avètisman pou moun pa kite aparans aksyon yo (zèv yo) twonpe yo; paske an reyalite, valè zèv yo depann de jan yo fini (dènye moman nan lavi a).
Adis sa a konsène moun ki pa fè aksyon yo ak senserite ak lafwa, men ki pito fè aksyon moun paradi yo sèlman nan sa ki parèt devan zye moun. Kanta pou moun ki fè aksyon moun paradi yo toutbon vre, ak senserite epi ak lafwa, Allah ki gen tout pouvwa a twò jis, li gen twòp jenewozite, epi li gen twòp mizerikòd pou li ta abandone li nan fen lavi li. Allah ki gen tout pouvwa a di : {Allah kenbe moun ki kwè yo fèm ak pawòl fèm lan, ni nan lavi mond sa a, ni nan lavi aprè lanmò a. Epi, Allah kite moun ki enjis yo pèdi wout yo, epitou Allah fè sa li vle.}
Sahih Al-Bukhari (9/ 135) (7454).
(4/ 111) (3208).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2036) (2643).
Plis (2)
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (15/ 130).
شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 84).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- التسليم للنص الشرعي والمعارضات الفكرية المعاصرة02 التسليم للنص الشرعي - من المبحث الثالث الفصل الأول حتى المبحث الثاني الفصل الثاني"إن أحدكم ليعمل بعمل أهل الجنة."
- سبعون سؤالا في أحكام الجنائر1كما يدلّ عليه حديث ابن مسعودٍ رضي الله عنه، قال: حدثنا رسول الله صلى الله عليه وسلم -وهو الصادق المصدوق- فقال: «إن أحدكم يجمع خلقه في بطن أمّه أربعين يومًا نطفةً، ثم يكون علقةً مثل ذلك، ثم يكون مضغةً مثل ذلك، ثم يرسل إليه الملك، فينفخ فيه ا
- شرح الأربعين النووية«إنَّ أَحَدَكُمْ يُجْمَعُ خَلْقُهُ فِي بَطْنِ أُمِّهِ أَرْبَعِينَ يَوْمًا، ثُمَّ يَكُونُ عَلَقَةً مِثْلَ ذَلِكَ، ثُمَّ يَكُونُ مُضْغَةً مِثْلَ ذَلِكَ، ثُمَّ يُرْسَلُ إلَيْهِ الْمَلَكُ فَيَنْفُخُ فِيهِ الرُّوحَ، وَيُؤْمَرُ بِأَرْبَعِ كَلِمَا
- مجموعة زاد الحديث (1)الحديث 1«ثُمَّ يُرْسَلُ إِلَيْهِ المَلَكُ فَيَنْفُخُ فِيْهِ الرُّوْحَ»
- موسوعة الإيمان«إِنَّ أَحَدَكُمْ يُجْمَعُ خَلْقُهُ فِي بَطْنِ أُمِّهِ أَرْبَعِينَ يَوْمًا، ثُمَّ يَكُونُ عَلَقَةً مِثْلَ ذَلِكَ، ثُمَّ يَكُونُ مُضْغَةً مِثْلَ ذَلِكَ، ثُمَّ يَبْعَثُ اللَّهُ مَلَكًا فَيُؤْمَرُ بِأَرْبَعِ كَلِمَاتٍ، وَيُقَالُ لَهُ: اكْتُبْ