Skip to content

Pa mete rad swa ni rad bwode ak swa (dibaj), pa bwè nan veso ki fèt ak lò ak ajan, epi pa manje nan plat ki fèt avèk yo; paske bagay sa yo se pou yo (moun ki pa kwayan yo) nan mond sa a, epi yap pou nou nan lavi kap vini an (nan lòt mond lan).

Abdour-Rahman ibn Abi Layla rapòte ke yo te bò kote Houdayfa, epi li te mande dlo poul bwè. Yon majisyen (adoratè dife) vin ba li bwè; lèl mete gode a nan men li, li voyel jete sou li, epi li di: "Si se pat paske mwen te deja defann li sa plis pase yon fwa oswa 2 fwa — kòmsi li vle di: mwen pa tap janm aji konsa — (mwen pa tap fè l), men mwen te tande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki tap di:

Pa mete rad swa ni rad bwode ak swa (dibaj), pa bwè nan veso ki fèt ak lò ak ajan, epi pa manje nan plat ki fèt avèk yo; paske bagay sa yo se pou yo (moun ki pa kwayan yo) nan mond sa a, epi yap pou nou nan lavi kap vini an (nan lòt mond lan).

«لاَ تَلْبَسُوا الحَرِيرَ وَلاَ الدِّيبَاجَ، وَلاَ تَشْرَبُوا فِي آنِيَةِ الذَّهَبِ وَالفِضَّةِ، وَلاَ تَأْكُلُوا فِي صِحَافِهَا، فَإِنَّهَا لَهُمْ فِي الدُّنْيَا وَلَنَا فِي الآخِرَةِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te defann gason yo mete swa sou tout fòm li yo. Epi li te entèdi gason ak fanm manje ak bwè nan veso ak resipyan an lò ak an ajan. Epi Li fè konnen yap rezève sèlman pou kwayan yo Jou Rezirèksyon an; paske yo te evite yo nan mond sa a kòm obeyisans pou Allah, Kanta pou moun ki pa kwè yo, yo pap gen anyen pou yo nan Lòt Mond lan; paske yo te prese jwi tout bon byenfè yo pandan lavi yo sou tè a lè yo te chwazi pran yo pou yo, ansanm ak dezobeyisans yo anvè kòmandman Allah.

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou gason mete rad swa ak gwo twal swa bwode (dibaj), ansanm ak gwo menas pinisyon pou moun ki mete yo.

Li otorize (pèmèt) pou fanm mete rad swa ak gwo twal swa bwode (dibaj).

Li entèdi pou gason ak fi manje ak bwè nan asyèt ak veso an lò ak ajan.

Jan Houdayfa (se pou Allah satisfè avèk li) te reyaji ak anpil severite pou li denonse sak te fèt la, epi li te jistifye sa dèske li te deja defann li plis pase yon fwa poul pa sèvi ak veso an lò ak an ajan, men kòm li pat sispann...

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 77) (5426).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1638) (2067).

Plis (2)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

عبد الله البسام (ص729).