Èske mwen pa ta dwe fè nou konnen pi gwo nan gwo peche yo?
Daprè Abou Bakr (ke Allah satisfè avè l), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Èske mwen pa dwe fè nou konnen pi gwo nan gwo peche yo?» 3 fwa, yo reponn: «Wi, o Mesaje Allah.» Li di: «Bay Allah asosye, ak dezobeyi paran yo.» Epi li te chita pandan li te apiye, epi li di: «Atansyon, ak fo pawòl (fo temwayaj).» Li di: Epi li te kontinye ap repetel jiskaske nou te di: Nou ta swete li te fè silans.
«أَلَا أُنَبِّئُكُمْ بِأَكْبَرِ الْكَبَائِرِ؟» ثَلَاثًا، قَالُوا: بَلَى يَا رَسُولَ اللهِ، قَالَ: «الْإِشْرَاكُ بِاللهِ، وَعُقُوقُ الْوَالِدَيْنِ» وَجَلَسَ وَكَانَ مُتَّكِئًا، فَقَالَ: «أَلَا وَقَوْلُ الزُّورِ»، قَالَ: فَمَا زَالَ يُكَرِّرُهَا حَتَّى قُلْنَا: لَيْتَهُ سَكَتَ.
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te enfòme konpayon li yo sou pi gran nan gwo peche yo, epi li mansyone 3 sa yo: 1. Asosyasyon ak Allah (Shirk): Se lè yon moun detounen nenpòt kalite adorasyon pou li bay yon lòt moun oswa lòt bagay ki pa Allah, epi li mete sa ki pa Allah nan menm nivo ak Allah nan Divinite li, nan non li yo ak nan atribi li yo. 2. Dezobeyisans anvè paran yo: Se tout sa ki fè manman ou ak papa ou mal, kit se nan sa wap di oswa nan sa wap fè, epi pa aji byen ak yo. 3. Pawòl manti ak fo temwayaj: Se nenpòt pawòl ki fabrike epi ki manti, yo vle sèvi avèl pou diminye valè moun yo fè zak la sou li a, kit se nan pran lajan li, atake onèl, oubyen lòt bagay ki sanble ak sa. Epi Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te repete avètisman an kont bay fo temwayaj, pou li atire atansyon sou jan zak sa a lèd ansanm ak move konsekans li genyen sou sosyete a, jiskaske Konpanyon yo te di: Si sèlman li ta sispann; poutèt pitye yo te gen pou li, epi paske yo pat renmen wè sa kap boulvèsel la.
ألا أنبئكم: أَلا أخبركم.
Pi gwo nan tout peche yo se fè asosye ak Allah (chirk); paske li metel an tèt gwo peche yo epi li konsidere il kòm pi gwo a, epi sa konfime nan pawòl Toupisan an: {Vrèman, Allah pap padone pou yo ta fè asosye avè li, epi lap padone sa ki anba sa a pou moun li vle}.
Grandè dwa paran yo, paske Li lye dwa yo ansanm ak dwa Allah, Sila a ki anwo nan syèl la.
Peche yo divize an 2 : gwo peche ak ti peche. Gwo peche a se: nenpòt peche ki pote yon pinisyon nan mond lan, tankou pinisyon legal yo (al-hudud) ak madichon, oswa yon menas nan lòt lavi a, tankou menas pou antre nan dife a. Epi gwo peche yo gen nivo ki diferan, gen ladan yo ki pi grav nan entèdiksyon yo pase lòt. Ti peche yo se sa ki pa antre nan kategori gwo peche yo.
Sahih Al-Bukhari (3/ 172) (2654).
(8/ 4) (5976).
(8/ 62) (6273-6274).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 91) (87).
Plis (6)
عمدة الأحكام من كلام خير الأنام صلى الله عليه وسلم (ص257) (380).
شرح النووي على مسلم (2/ 81).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام لإسماعيل الأنصاري (2/ 149).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام للبسام (ص703).
أعلام السنة المنشورة لاعتقاد الطائفة الناجية المنصورة.
لحافظ بن أحمد الحكمي (ص111).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- عقيدة التوحيد(ألا أنبئكم بأكبر الكبائر) قلنا: بلى يا رسول الله، قال: (الإشراك بالله، وعقوق الوالدين...) الحديث
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«أَلَا أُنَبِّئُكُمْ بِأَكْبَرِ الكَبَائِرِ؟» ثَلاَثًا، قَالُوا: بَلَى يَا رَسُولَ اللَّهِ، قَالَ: «الإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَشَهَادَةُ الزُّورِ» [23].
- قاموس الكبائر«أَلَا أُنَبِّئُكُمْ بِأَكْبَرِ الكَبَائِرِ؟» ثَلاَثًا، قَالُوا: بَلَى يَا رَسُولَ اللَّهِ، قَالَ: «الإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِ، وَقَتْلُ النَّفْسِ، وَشَهَادَةُ الزُّورِ» [23].
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«أَلَا أُنَبِّئُكُمْ بِأَكْبَرِ الكَبَائِرِ؟» ثَلَاثًا، قَالُوا: بَلَى يَا رَسُولَ اللَّهِ، قَالَ: «الإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِ. وَجَلَسَ وَكَانَ مُتَّكِئًا فَقَالَ: أَلَا وَقَوْلُ الزُّورِ»، قَالَ: فَمَا زَالَ يُكَرِّرُه
- مشروع المنهج التعليميمادة التوحيد مستوى 3«أَلاَ أُنَبِّئُكُمْ بِأَكْبَرِ الكَبَائِرِ؟» ثَلاَثًا، قَالُوا: بَلَى يَا رَسُولَ اللهِ، قَالَ: «الإِشْرَاكُ بِاللَّهِ، وَعُقُوقُ الوَالِدَيْنِِ...»