Egzanp moun ki kanpe sou limit Allah yo ak moun ki transgrese yo (oswa ki tonbe anba yo), se tankou yon gwoup moun ki te tire osò sou yon bato; kèk nan yo te jwenn pati anwo a, epi lòt yo te jwenn pati anba a.
Soti nan an-Nu'mān ibn Bashīr (ke Allah kontan avèk yo tou 2), nan men Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
Egzanp moun ki kanpe fèm sou limit Allah yo ak moun ki ap transgrese yo, se tankou yon gwoup moun ki te tire osò sou yon bato; kèk nan yo te jwenn pati anwo a, e lòt yo te jwenn pati anba a. Moun ki te nan pati anba a, lè yo te bezwen dlo, yo te oblije pase sou moun ki te anwo yo. Lè sa a, yo di: "Si nou fè yon twou nan pati pa nou an, nou pap deranje moun ki anwo yo." Si moun ki anwo yo kite yo fè sa yo vle a, yap peri tout ansanm; men si yo anpeche yo (pran men yo), yap sove, epi yo tout ap sove.
«مَثَلُ القَائِمِ عَلَى حُدُودِ اللَّهِ وَالوَاقِعِ فِيهَا، كَمَثَلِ قَوْمٍ اسْتَهَمُوا عَلَى سَفِينَةٍ، فَأَصَابَ بَعْضُهُمْ أَعْلاَهَا وَبَعْضُهُمْ أَسْفَلَهَا، فَكَانَ الَّذِينَ فِي أَسْفَلِهَا إِذَا اسْتَقَوْا مِنَ المَاءِ مَرُّوا عَلَى مَنْ فَوْقَهُمْ، فَقَالُوا: لَوْ أَنَّا خَرَقْنَا فِي نَصِيبِنَا خَرْقًا وَلَمْ نُؤْذِ مَنْ فَوْقَنَا، فَإِنْ يَتْرُكُوهُمْ وَمَا أَرَادُوا هَلَكُوا جَمِيعًا، وَإِنْ أَخَذُوا عَلَى أَيْدِيهِمْ نَجَوْا، وَنَجَوْا جَمِيعًا».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay yon egzanp pou moun kap respekte limit Allah yo, ki rete djanm sou lòd Allah, kap kòmande sa ki byen, epi kap entèdi sa ki mal, Egzanp moun ki kanpe fèm pou fè respekte limit Allah yo ak moun ki ap vyole yo, se tankou yon gwoup moun ki te tire osò pou yon bato: kèk nan yo te jwenn pati anwo a, e lòt yo te jwenn pati anba a. Moun ki te nan pati anba a, chak fwa yo te bezwen dlo, yo te oblije pase sou moun ki te anwo yo. Lè sa a, yo di: "Si nou fè yon twou nan pati pa nou an, nou pap deranje moun ki anwo yo." Si moun ki anwo yo kite yo fè sa yo vle a, yap peri tout ansanm; men si yo anpeche yo fèl yap sove, epi yo tout ap sove. Epi, moun ki te nan pati anba a te di: « Si nou ta pèse yon twou nan plas nou an ki anba a pou nou pran dlo ladan li, konsa nou pa ta deranje moun ki anwo nou yo. » Si moun ki nan pati anwo yo ta kite yo fè sa, bato a ta koule ak yo tout nèt, epi si yo ta kanpe pou entèdi yo fè sa epi anpeche yo, tou 2 gwoup yo ta sove ansanm.
...:
Enpòtans pou nou kòmande sa ki bon epi entèdi sa ki mal nan pwoteje sosyete yo epi sove yo.
Youn nan metòd ansèyman yo se itilize egzanp (parabòl), yon fason pou fè lespri a konprann lide yo pi fasil nan prezante yo sou fòm bagay konkrè.
Lè yon moun ap fè move zak an gran jou san pèsonn pa fè liremake anyen (san yo pa anpeche li sa), se yon danje ki pral pote malè pou tout moun an jeneral.
Pèdisyon sosyete a soti nan lefèt ke yo kite moun kap fè mal yo ap fè dezòd nan peyi a san yo pa di yo anyen.
Move aksyon ak bon entansyon pa sifi pou fè travay la bon (oswa pou aksyon an bon nan zye Allah).
Responsablite nan kominote islamik la se yon bagay tout moun pataje; li pa repoze sou yon sèl moun sèlman
Chatiman kap tonbe sou tout pèp la poutèt peche kèk moun, si yo pa denonse yo oswa si yo pa anpeche yo fè mal la.
Moun kap fè move zak yo konn prezante move aksyon yo kòm yon bon bagay pou sosyete a, tout jan ak ipokrit yo.
Sahih Al-Bukhari (3/ 139) (2493).
Plis (10)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 277).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص149).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 430).
كنوز رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (4/ 39).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (1/ 210).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«مَثَلُ القَائمِ في حُدودِ الله وَالْوَاقِع فيها كَمَثَلِ قَومٍ اسْتَهَمُوا عَلىٰ سَفِينَةٍ، فَصَارَ بَعْضهُمْ أعْلاهَا وَبَعضُهُمْ أسْفَلَهَا، وَكَانَ الَّذِينَ في أسْفَلِهَا إذَا اسْتَقَوْا مِنَ الماءِ مَرُّوا عَلىٰ مَنْ فَوْقَهُمْ، فَقَا
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«مَثَلُ القَائِمِ عَلَى حُدُودِ اللَّهِ وَالوَاقِعِ فِيهَا، كَمَثَلِ قَوْمٍ اسْتَهَمُوا عَلَى سَفِينَةٍ، فَأَصَابَ بَعْضُهُمْ أَعْلَاهَا وَبَعْضُهُمْ أَسْفَلَهَا، فَكَانَ الَّذِينَ فِي أَسْفَلِهَا إِذَا اسْتَقَوْا مِنَ المَاءِ مَرُّوا عَلَى
- قاموس الكبائر«مَثَلُ القَائِمِ عَلَى حُدُودِ اللَّهِ وَالوَاقِعِ فِيهَا، كَمَثَلِ قَوْمٍ اسْتَهَمُوا عَلَى سَفِينَةٍ، فَأَصَابَ بَعْضُهُمْ أَعْلَاهَا وَبَعْضُهُمْ أَسْفَلَهَا، فَكَانَ الَّذِينَ فِي أَسْفَلِهَا إِذَا اسْتَقَوْا مِنَ المَاءِ مَرُّوا عَلَى
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثالثة«مَثَلُ الْقَائِمِ عَلَى حُدُودِ اللَّهِ وَالْوَاقِعِ فِيهَا، كَمَثَلِ قَوْمٍ اسْتَهَمُوا عَلَى سَفِينَةٍ، فَأَصَابَ بَعْضُهُمْ أَعْلَاهَا وَبَعْضُهُمْ أَسْفَلَهَا، فَكَانَ الَّذِينَ فِي أَسْفَلِهَا إِذَا اسْتَقَوْا مِنَ الْمَاءِ مَرُّوا عَ
- مشروع المنهج التعليميمادة الدعوة«مَثَلُ القَائِمِ عَلَى حُدُودِ اللهِ وَالوَاقِعِ فِيهَا، كَمَثَلِ قَوْمٍ اسْتَهَمُوا عَلَى سَفِينَةٍ، فَأَصَابَ بَعْضُهُمْ أَعْلَاهَا وَبَعْضُهُمْ أَسْفَلَهَا، فَكَانَ الَّذِينَ فِي أَسْفَلِهَا إِذَا اسْتَقَوْا مِنَ المَاءِ مَرُّوا عَلَى م