Chak jwenti nan kò moun gen yon lacharite sou li.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
«كُلُّ سُلَامَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ، كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فِيهِ الشَّمْسُ تَعْدِلُ بَيْنَ الِاثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَتُعِينُ الرَّجُلَ فِي دَابَّتِهِ فَتَحْمِلُهُ عَلَيْهَا أَوْ تَرْفَعُ لَهُ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صَدَقَةٌ، وَالكَلِمَةُ الطَّيِّبَةُ صَدَقَةٌ، وَكُلُّ خُطْوَةٍ تَمْشِيهَا إِلَى الصَّلَاةِ صَدَقَةٌ، وَتُمِيطُ الأَذَى عَنِ الطَّرِيقِ صَدَقَةٌ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te eksplike ke chak jou, chak Mizilman ki gen responsablite sou li, dwe fè yon Sadaka (Lacharite) volontè pou Allah ki anwo nan syèl la pou chak jwenti nan zo li yo, kòm yon fason pou montre rekonesans li pou bon sante Li ba li a, epi poutèt Li te fè zo l yo gen jwenti ki pèmèt li pliye epi lonje yo. Epi, Sadaka sa a fèt atravè tout kalite bon aksyon, li pa chita sèlman sou bay lajan. Pami yo: lè ou aji ak jistis epi ou mete lapè ant 2 moun ki nan kont, se yon Sadaka. Lè ou ede yon moun ki pa gen fòs avèk bèt li (mwayen transpòl), ou ede l monte sou li oswa ou leve zafè l (chaj li) mete sou li pou li, se yon Sadaka. Yon bèl pawòl tankou yon mo lwanj pou Allah, yon priyè (Dua), di yon moun bonjou (salitasyon) ak lòt ankò, se yon Sadaka. Chak pa ou fè ap mache pou ale nan lapriyè, se yon Sadaka. Epi retire sa ki ka fè moun mal nan chemen an, se yon Sadaka.
سُلامى: بضم السين المهملة وتخفيف اللام مع القصر، وهي المفاصل، وقد ثبت في صحيح مسلم أنها ثلاثمائة وستون:
Fòmasyon zo yon moun ak pwoteksyon yo se younn nan pi gwo benediksyon Allah Granmèt la ba li, konsa chak zo ladan yo mande pou yo fè yon charite pou li an patikilye, yon fason pou konplete rekonesans pou benediksyon sa a.
Ankourajman pou renouvle rekonesans chak jou pou benediksyon sa yo ka dire.
Ankourajman pou moun toujou pèsiste nan fè zèv siplemantè (Nawafil) ak bay charite (Sadaqat) chak jou.
Merit rekonsilye moun.
Ankouraje yon moun ede frè li; paske èd li ba li a se yon charite.
Ankourajman pou patisipe nan priyè an gwoup yo ak mache ale nan yo, ansanm ak asire antretyen ak frekantasyon moske yo atravè sa.
Obligasyon pou respekte chemen Mizilman yo, nan evite sa ki deranje (blese) yo oswa ki fè yo ditò.
Sahih Al-Bukhari (4/ 56) (2989).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 498) (720).
Plis (17)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
مطبعة دار نشر الثقافة.
الإسكندرية.
الطبعة: الأولى.
1380 هـ.
شرح الأربعين النووية.
للشيخ ابن عثيمين.
دار الثريا للنشر.
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
دار ابن القيم.
الدمام المملكة العربية السعودية.
الطبعة: الأولى.
1424هـ/2003م.
الفوائد المستنبطة من الأربعين النووية.
للشيخ عبد الرحمن البراك.
دار التوحيد للنشر.
الرياض.
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «كُلُّ سُلاَمَىٰ مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فيه الشَّمْسُ: تَعْدِلُ بَيْنَ الاثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَتُعِينُ الرَّجُلَ في دَابَّتِهِ، فَتَحْمِلُهُ عَلَيْهَا، أوْ تَرْفَعُ لَهْ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صدقةٌ، والكلِمَة ال
- مجموعة زاد الحديث(2)1«كُلُّ سُلامَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ، كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فِيهِ الشَّمْسُ، تَعْدِلُ بَيْنَ الِاثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَتُعِينُ الرَّجُلَ فِي دَابَّتِهِ فَتَحْمِلُهُ عَلَيْهَا، أَوْ تَرْفَعُ لَهُ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صَدَقَةٌ» قَالَ: