Mwen fè sèman sou Allah— si Allah vle (inchallah) — mwen pap janm fè yon sèman epi poum ta wè gen yon pi bon opsyon, san mwen pa degajem peye peche sèman an (kaffarah) epi fè sa ki pi bon an.
Daprè Abu Musa Al-Ash'ari (se pou Allah satisfè avè l), li di:
Mwen te ale jwenn Mesaje Allah a, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), ansanm ak yon gwoup nan Ash'ari yo, pou nou te mande li bèt pou nou monte. Li te di: «Mwen fè sèman sou Allah, mwen pap ban nou bèt pou nou monte, mwen pa gen anyen poum ban nou pou nou monte.» Aprèsa, nou te tann pandan kantite tan Allah te vle, jiskaske yo te mennen kèk chamo ba li, epi li te bay lòd pou yo ban nou 3 chamo. Lè nou tap pati, kèk nan nou tap di lòt: «Allah pap beni nou. Nou te vin jwenn Mesaje Allah a,( se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) , pou nou mandel bèt pou nou monte, li te fè sèman li pap ban nou bèt, epoutan li ban nou yo.» Abu Musa te di: Konsa, nou te retounen jwenn Pwofèt la, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) epi nou te rakontel sa. Li te di: «Se pa mwen menm ki te ban nou bèt pou nou monte yo, men se Allah ki ban nou yo. Mwen fè sèman sou Allah — si Allah vle — mwen pa janm fè yon sèman epi poum wè gen yon lòt chwa ki pi bon pasel, san mwen pa bay konpansasyon pou ekspiye sèman mwen an, poum chwazi fè sa ki pi bon an.»
أَتَيْتُ رَسُولَ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِي رَهْطٍ مِنَ الأَشْعَرِيِّينَ أَسْتَحْمِلُهُ، فَقَالَ: «وَاللَّهِ لاَ أَحْمِلُكُمْ، مَا عِنْدِي مَا أَحْمِلُكُمْ» ثُمَّ لَبِثْنَا مَا شَاءَ اللَّهُ فَأُتِيَ بِإِبِلٍ، فَأَمَرَ لَنَا بِثَلاَثَةِ ذَوْدٍ، فَلَمَّا انْطَلَقْنَا قَالَ بَعْضُنَا لِبَعْضٍ: لاَ يُبَارِكُ اللَّهُ لَنَا، أَتَيْنَا رَسُولَ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ نَسْتَحْمِلُهُ فَحَلَفَ أَنْ لاَ يَحْمِلَنَا فَحَمَلَنَا، فَقَالَ أَبُو مُوسَى: فَأَتَيْنَا النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَذَكَرْنَا ذَلِكَ لَهُ، فَقَالَ: «مَا أَنَا حَمَلْتُكُمْ، بَلِ اللَّهُ حَمَلَكُمْ، إِنِّي وَاللَّهِ -إِنْ شَاءَ اللَّهُ- لا أَحْلِفُ عَلَى يَمِينٍ، فَأَرَى غَيْرَهَا خَيْرًا مِنْهَا، إِلَّا كَفَّرْتُ عَنْ يَمِينِي، وَأَتَيْتُ الَّذِي هُوَ خَيْرٌ».
Abou Moussa Al-Ash'ari (se pou Allah satisfè avè l) fè konnen li te vin jwenn Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvril) ansanm ak yon gwoup moun ki soti nan tribi li. Objektif yo se te pou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvril) te ba yo chamo pou yo monte, yon fason pou yo te kapab patisipe nan Jihâd la. Konsa, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvril) te fè sèman li patap ba yo okenn bèt pou yo monte, epi li pat gen anyen nan men li poul te ba yo monte , Yo te retounen epi yo te rete pandan yon sèten tan. Aprèsa, yo te mennen 3 chamo bay Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li), epi li te voye chamo yo ba yo. Gen kèk nan yo ki te di youn lòt: Allah pap beni nou nan chamo sa yo, paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè sèman li patap ban nou okenn monti. Se konsa, yo te vin jwenn li epi yo te poze li kesyon, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li ) te di: "Moun ki te founi nou mwayen pou nou vwayaje a se Allah ki Trè Wo a; paske se Li ki te fasilite sa epi ki te bay pwovizyon an, alòske mwen menm, mwen te sèlman yon mwayen sa te pase pa men mwen." Aprèsa, li te di (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li): Mwen menm, pa non Allah, si Allah vle, mwen pa fè okenn sèman sou yon bagay poum fè l oswa poum kite li, epi poum vin wè yon lòt bagay ki pi bon ak pi preferab pase sa, san mwen pa fè sa ki pi bon an, mwen abandone sa te sèmante sou li a, epi mwen bay konpansasyon pou sèman mwen an.
"Li pèmèt pou yon moun fè sèman san pèsonn pa mandel sa, pou li ka konfime yon enfòmasyon, menm si se pou yon bagay ki gen pou rive pi devan."
Li pèmèt pou yon moun mete yon rezèv lèl di 'si Allah vle' (Insha Allah) aprè yon sèman; si entansyon pou mete rezèv sa a te la pandan sèman an epi li te dil touswit aprè san li pat koupe pawòl la, moun nan pa oblije peye okenn ekspiyasyon (kaffarah) si li pa kenbe sèman an."
Ankourajman pou yon moun pa kenbe sèman li sil wè gen yon pi bon opsyon pase sal te jire a, pandan lap peye ekspiyasyon (kaffarah) pou sèman an.
Sahih Al-Bukhari (8/ 146) (6718).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1268) (1649).
Plis (4)
خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.
لفيصل آل مبارك (ص345).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص682).