Skip to content

Moun ki bay manti sou mwen ak entansyon, se pou li pran plas li nan Dife a

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

"«Moun ki bay manti sou mwen ak entansyon, se pou li pran plas li nan Dife a»."

«مَنْ كَذَبَ عَلَيَّ مُتَعَمِّدًا فَلْيَتَبَوَّأْ مَقْعَدَهُ مِنَ النَّارِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike ke moun ki bay manti sou li ak entansyon, lè li atribiye yon pawòl oswa yon aksyon ba li epi ki manti, sètènman, nan lavi aprè lanmò a lap gen yon plas nan Dife a; kòm pinisyon pou manti li te bay sou li a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Bay manti sou do Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ak entansyon epi ak tout konsyans li se yon kòz pou antre nan Dife a.

Bay manti sou do Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) pa tankou bay manti sou rès moun yo, akòz gwo dega sa lakòz nan relijyon an ak nan mond sa a.

Avètisman kont simaye Adis yo anvan nou verifye epi asire nou yo vrèman soti bò kote Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li).

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 33) (110).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 10) (3).

Plis (5)

إكمال المعلم (1/111).

شرح النووي على مسلم (1/65).

المفهم (1/32).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (2/ 151).

شرح مقدمة سنن ابن ماجه (5/ 8).