Se pou ou fè anpil 'Soudjoud' (lè nou mete fwon nou atè a) pou Allah, paske ou pa fè yon 'Soudjoud' pou Allah, san ke Allah pa elve ou yon degre avèk li, epi Li efase yon peche pou ou avèk li.
Daprè Ma'dan ibn Abi Talha al-Ya'mari, li te di :
Mwen te rankontre Thawban, esklav Mesaje Allah a ki te libere a, se pou Allah benil epi ba li lapè, epi mwen te di: Dim yon aksyon mwen ka fè ki pral fè Allah admèt mwen nan Paradi? Oswa li te di: Mwen te di: Pa aksyon ki pi renmen anvè Allah, epi li te rete an silans. Aprèsa, mwen te mandel epi li te rete an silans. Aprèsa, mwen te mandel twazyèm fwa a, epi li te di: Mwen te mande Mesaje Allah a, Se pou Allah benil epi ba li lapè), sou sa, epi li te di: “Ou ta dwe bese tèt ou devan Allah souvan, paske ou pa bese tèt ou devan Allah yon fwa sof si Allah levew yon degre konsa epi retire yon peche nan ou konsa.” Ma’dan te di: Aprèsa, mwen te rankontre Abu al-Darda’ epi mwen te mandel, epi li te dim menm bagay Thawban te dim nan.
لَقِيتُ ثَوْبَانَ مَوْلَى رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقُلْتُ: أَخْبِرْنِي بِعَمَلٍ أَعْمَلُهُ يُدْخِلُنِي اللهُ بِهِ الْجَنَّةَ؟ أَوْ قَالَ قُلْتُ: بِأَحَبِّ الْأَعْمَالِ إِلَى اللهِ، فَسَكَتَ. ثُمَّ سَأَلْتُهُ فَسَكَتَ. ثُمَّ سَأَلْتُهُ الثَّالِثَةَ فَقَالَ: سَأَلْتُ عَنْ ذَلِكَ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: «عَلَيْكَ بِكَثْرَةِ السُّجُودِ لِلَّهِ، فَإِنَّكَ لَا تَسْجُدُ لِلَّهِ سَجْدَةً، إِلَّا رَفَعَكَ اللهُ بِهَا دَرَجَةً، وَحَطَّ عَنْكَ بِهَا خَطِيئَةً» قَالَ مَعْدَانُ: ثُمَّ لَقِيتُ أَبَا الدَّرْدَاءِ فَسَأَلْتُهُ فَقَالَ لِي: مِثْلَ مَا قَالَ لِي: ثَوْبَانُ.
Yo te poze Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon konsènan zèv ki sèvi kòm kòz pou moun antre nan Paradi a, oswa konsènan zèv Allah pi renmen yo? Konsa, Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te di moun ki t ap poze kesyon an: Se pou ou toujou fè anpil 'Soudjoud' (lè ou mete fwon ou atè a) nan lapriyè, paske pa gen okenn 'Soudjoud' ou fè pou Allah san Li pa leve ou yon nivo pi wo gras ak li, epi Li efase yon peche pou ou gras ak li.
Ankouraje mizilman yo pou yo bay lapriyè a anpil enpòtans, kit se lapriyè obligatwa yo oswa sa ki volontè yo, paske li gen 'Soudjoud' la (lè nou mete fwon nou atè a) ladan li.
Sa montre konpreyansyon pwofon konpanyon yo ak konesans yo te genyen ke pèsonn pap ka jwenn Paradi a — aprè mizèrikòd Allah— si se pa gras avèk bon zèv ak aksyon yo.
'Soudjoud' la (lè nou mete fwon nou atè a) nan lapriyè a se youn nan pi gwo mwayen pou elve degre nou epi jwenn padon pou peche nou yo.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 353) (488).
(4/ 205).
Plis (9)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين.
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (1/ 188).
نزهة المتقين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 137).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 105).
شرح النووي على مسلم.
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«عَلَيْكَ بِكَثْرَةِ السُّجُودِ لِلهِ، فَإِنَّكَ لَا تَسْجُدُ لِـِلَّهِ سَجْدَةً إِلَّا رَفَعَكَ اللهُ بِهَا دَرَجَةً، وَحَطَّ عَنْكَ بِهَا خَطِيئَةً»
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالحلقيت ثوبان مولى رسول الله صلى الله عليه وسلم فقلت: أخبرني بعمل أعمله يدخلني الله به الجنة؟ أو قال قلت: بأحب الأعمال إلى الله، فسكت. ثم سألته فسكت. ثم سألته الثالثة فقال: سألت عن ذلك رسول الله صلى الله عليه وسلم، فقال: “عليك بكثرة السجود ل
- محاضرات تعظيم قدر الصلاةمحاضرات في تعظيم قدر الصلاة"عَلَيْكَ بِكَثْرَةِ السُّجُودِ لِلَّهِ، فَإِنَّكَ لَا تَسْجُدُ لِلَّهِ سَجْدَةً، إِلَّا رَفَعَكَ اللهُ بِهَا دَرَجَةً، وَحَطَّ عَنْكَ بِهَا خَطِيئَةً " [41]،