Skip to content

« O tonton m, di : Pa gen lòt dye Sèlman Allah ; yon sèl pawòl map itilize kòm prèv pou defann ou devan Allah. »

Dapre Sa'id ibn Al-Musayyab, daprè papal, li di:

Lè lanmò te prèt pou pran Abu Talib, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te vin kotel, li jwenn Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah pitit Al-Mughirah te la avèk li. Mesaje a di l: « O tonton m, di: Pa gen lòt dye Sèlman Allah yon pawòl map sèvi avèl kòm agiman pou defann ou devan Allah. » Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah di: « Èske wap abandone relijyon Abdul-Muttalib la? » Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te kontinye ap repetel sa, pandan 2 lòt mesye yo tap repete menm pawòl la ba li, jiskaske dènye pawòl Abu Talib te di yo se te: « Mwen rete sou relijyon Abdul-Muttalib », epi li te refize di: « Pa gen lòt dye Sèlman Allah». Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) di: « Pa Allah, map kontinye mande padon pou ou toutotan yo pa entèdim fè sa. » Lè sa a, Allah fè desann vèsè sa a: {Li pa konvnab pou Pwofèt la ak moun ki kwè yo mande padon pou moun kap bay Allah asosye...} [At-Tawbah: 113], epi Allah fè desann konsènan Abu Talib, Li di Mesaje a (lapè ak benediksyon sou li): {Ou pa kapab gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle.} [Al-Qasas: 56].

لَمَّا حَضَرَتْ أَبَا طَالِبٍ الْوَفَاةُ، جَاءَهُ رَسُولُ اللهِ صلى الله عليه وسلم فَوَجَدَ عِنْدَهُ أَبَا جَهْلٍ وَعَبْدَ اللهِ بْنَ أَبِي أُمَيَّةَ بْنِ الْمُغِيرَةِ، فَقَالَ: «أَيْ عَمِّ، قُلْ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، كَلِمَةً أُحَاجُّ لَكَ بِهَا عِنْدَ اللهِ»، فَقَالَ أَبُو جَهْلٍ وَعَبْدُ اللهِ بْنُ أَبِي أُمَيَّةَ: أَتَرْغَبُ عَنْ مِلَّةِ عَبْدِ الْمُطَّلِبِ، فَلَمْ يَزَلْ رَسُولُ اللهِ صلى الله عليه وسلم يَعْرِضُهَا عَلَيْهِ، وَيُعِيدَانِهِ بِتِلْكَ الْمَقَالَةِ، حَتَّى قَالَ أَبُو طَالِبٍ آخِرَ مَا كَلَّمَهُمْ: عَلَى مِلَّةِ عَبْدِ الْمُطَّلِبِ، وَأَبَى أَنْ يَقُولَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، قَالَ: قَالَ رَسُولُ اللهِ صلى الله عليه وسلم: «وَاللهِ لَأَسْتَغْفِرَنَّ لَكَ مَا لَمْ أُنْهَ عَنْكَ»، فَأَنْزَلَ اللهُ: {مَا كَانَ لِلنَّبِيِّ وَالَّذِينَ آمَنُوا أَنْ يَسْتَغْفِرُوا لِلْمُشْرِكِينَ} [التوبة: 113]، وَأَنْزَلَ اللهُ فِي أَبِي طَالِبٍ، فَقَالَ لِرَسُولِ اللهِ صلى الله عليه وسلم: {إِنَّكَ لا تَهْدِي مَنْ أَحْبَبْتَ وَلَكِنَّ اللهَ يَهْدِي مَنْ يَشَاءُ} [القصص: 56].

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te antre kote tonton li, Abu Talib, pandan li tap rann dènye souf li, epi li di li: O tonton, di "pa gen okenn lòt dye apa Allah", yon pawòl mwen ap temwaye pou ou avèk li devan Allah, Lè sa a, Abou Jahl ak Abdallah pitit gason Abou Oumayya a te di: "O Abou Talib, èske wap kite relijyon papaw, Abdoul Mouttalib la?!" - ki se adore zidòl yo -, konsa yo te kontinye ap pale avèk li jiskaske dènye pawòl li te di yo se te: "(Map rete) sou relijyon Abdoul Mouttalib la, relijyon bay Allah asosye (chirk) la, ak adore zidòl yo," Epi Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Map mande padon pou ou toutotan Senyèm nan pa entèdi mwen fè sa. Se konsa pawòl Allah ki Trèwo a te desann: {Li pa apwopriye pou Pwofèt la ak moun ki kwè yo pou yo mande padon pou moun kap bay Allah asosye yo, menm si yo se fanmi pwòch yo, aprè li fin parèt aklè pou yo ke yo se moun Dife Lanfè a.} [At-Tawbah: 113], Epi pawòl Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, te desann konsènan Abu Talib: {Anverite, ou pa ka gide moun ou renmen, men Allah gide moun Li vle, epi Li konnen pi byen moun ki nan bon chemen an} [Al-Qasas: 56], Vrèman, ou pa ka gide moun ou ta renmen gide a, sèl devwaw se transmèt mesaj la, epi Allah gide moun Li vle a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou mande padon pou mouchrik yo (sila ki pa kwayan yo) , kèlkeswa lyen fanmi yo, zèv yo, ak byenfè yo.

Imite paran yo (Zansèt) ak gran yo nan manti se yon aksyon ki soti nan moun ki tap viv nan peryòd laj inyorans lan (Jahiliyah).

Kote pèfeksyon konpasyon Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah dwe sou li) ak atachman li poul envite moun yo epi gide yo.

Repons pou moun ki pretann ke Abu Talib te aksepte Islanm.

Travay yo depann sou konklizyon yo (jan yo fini an).

Lefèt ke li pa valab pou atache tèt ou ak Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) oswa nenpòt lòt moun pou pote sa ki itil oswa pou anpeche yon domaj (dega).

Moun ki di « Pa gen lòt divinite ki merite adore sof Allah » (La ilaha illa Allah) avèk konesans, sètitid ak konviksyon, li antre nan Islam.

Domaj move zanmi yo ak konpayon nan sa ki mal yo sou moun.

Sans "La ilaha illa Allah": Se abandone adorasyon zidòl yo, sen yo, ak moun ki jis yo, epi konsakre adorasyon an bay Allah sèlman, epi moun ki bay Allah asosye yo konnen sans li.

Pèmisyon pou vizite yon moun malad ki bay Allah asosye si gen espwa li ap aksepte Islam.

Gidans ki bay siksè a se nan men Allah li menm sèl, li pa gen okenn asosye, tandiske devwa Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) se sèlman poul bay gidans nan moutre chemen an, bay direksyon, ak transmèt mesaj la.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 112) (4772).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 54) (24).

Plis (4)

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص155).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

للقرعاوي (ص169).